Règleman sou Dosye Elektwonik sa a dekri kijan Western Union Financial Services, Inc. (“Western Union” oswa “Nou”) ka ba ou enfòmasyon elektwonikman. Anvan ou itilize sèvis elektwonik ak sèvis ki koneks ke Western Union (“Sèvis”) bay, ou dwe li epi dakò ak kondisyon sa yo. Si ou chwazi pou pa dakò ak Règleman sa a oswa ou retire Konsantman ou, ou p ap ka itilize Sèvis nou yo. Konsantman w nan Règleman sa a gendwa aplike tou pou pwodwi oswa sèvis ki afilye nou yo dapre sèl diskresyon afilye nou yo. Lè w sèvi ak Sèvis nou yo, ou dakò ak Règleman sa a epi ou afime ou gen aksè ak egzijans pyès ki nan òdinatè ak lojisyèl ki idantifye anba a..
Kominikasyon ki garanti
Lè ou aksepte Règleman sa a, ou dakò pou resevwa kominikasyon elektwonik nou ba ou konsènan Sèvis yo (“Kominikasyon”). Kominikasyon yo gendwa gen ladan yo, men yo pa limite ak: (i) akò ak politik (pa egzanp: tèm ak kondisyon yo, politik ak avi sou enfòmasyon prive) ak chanjman ki ladan yo; (ii) divilgasyon sou pre-pèman, resi tranzaksyon ak konfimasyon yo; epi (iii) kominikasyon sèvis kliyan (tankou kominikasyon konsènan reklamasyon erè).
Metòd pou bay kominikasyon
Nou gendwa ba ou Kominikasyon elektwonik sou imèl ak/oswa nan lapòs oubyen rann yo aksesib sou sit entènèt Western Union lan, aplikasyon mobil lan, oswa sit entènèt mobil lan (tankou atravè “ipèlyen” yo bay sou entènèt ak nan imèl). Kominikasyon yo ap disponib sou entènèt epi ou ka wè yo apati yon lojisyèl navigatè an ak/oswa, nan kèk ka, kòm fichye PDF. Pou tranzaksyon ki fèt nan kyòs Western Union yo, nou gendwa ba ou Kominikasyon elektwonik nan kyòs sa yo. Nan ka sa yo, ou ap kapab enprime Kominikasyon an epi/oswa fè yo voye l ba ou pa imèl.
Egzijans Materyèl ak Lojisyèl yo
Pou jwenn aksè epi konsève Kominikasyon elektwonik yo, ou dwe genyen:
N ap avize w si gen nenpòt chanjman enpòtan nan pyès ki nan òdinatè a oswa lojisyèl ki nesesè pou resevwa Kominikasyon elektwonik nan men nou. Lè ou bay konsantman ou, ou konfime ou gen aksè ak pyès ki nan òdinatè ak lojisyèl ki anwo yo epi ou kapab resevwa, wè, enprime oswa anrejistre Kominikasyon yo.
Kijan pou retire konsantman ou
Ou gendwa retire konsantman ou pou resevwa Kominikasyon elektwonikman lè w ekri nou nan [“Attn: Electronic Communications Delivery Policy, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155”], oubyen lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte nou” ki sou sit entènèt Western Union lan. Lè ou retire konsantman ou, sa ap anile akò ou pou resevwa Kominikasyon elektwonik, e kòm konsekans, kapasite ou pou itilize Sèvis nou yo.
Mande Kopi Papye pou Kominikasyon Elektwonik Yo
Nan konfòmite avèk politik Western Union ak lalwa ki aplikab yo, ou gendwa jwenn yon kopi papye nenpòt Kominikasyon elektwonik ki obligatwa dapre lalwa. Nan ka sa a, n ap voye yon kopi papye ba ou nan lapòs Etazini. Pou nou ka voye yon kopi papye, ou dwe gen yon adrès postal aktyèl ki anrejistre nan Western Union. Si ou mande kopi papye, Western Union gendwa fè w peye yon frè lè lalwa aplikab la pèmèt sa.
Mizajou Sou Enfòmasyon Kontak Ou Yo
Se responsablite w pou w kenbe adrès imèl prensipal ou a ajou pou Western Union ka kominike avèk ou elektwonikman.
Ou konprann epi ou dakò si Western Union voye yon Kominikasyon elektwonik ba ou men ou pa resevwa li paske adrès imèl prensipal ou ki anrejistre a pa kòrèk, li pa ajou, founisè sèvis ou a bloke l, oswa ou pa kapab resevwa Kominikasyon elektwonik, y ap konsidere Western Union te ba ou Kominikasyon an.
Si w ap itilize yon filtè antispam oswa yon lojisyèl menm jan an ki bloke oswa redirije imèl ki soti bò kote moun k ap voye imèl ki pa nan lis nan liv adrès imèl ou a, ou dwe ajoute Western Union nan liv adrès imèl ou a pou w ka resevwa kominikasyon nan imèl.
Ou ka mete adrès imèl prensipal ou oswa lòt enfòmasyon ajou lè w ekri nou nan “Attn: Electronic Records Policy, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155”, oswa lè w mete enfòmasyon kont Western Union ou a ajou sou westernunion.com. Si adrès imèl ou a vin pa valid, epi imèl yo voye ba ou yo retounen, Western Union gendwa konsidere kont ou a inaktif, epi ou p ap kapab fè okenn aktivite avèk kont Western Union ou a jiskaske nou resevwa yon adrès imèl prensipal ki valid epi ki fonksyone nan men ou.
Revokasyon / Chanjman
Nou gendwa sispann ba ou Kominikasyon elektwonik dapre sèl diskresyon nou. Nou gendwa chanje kondisyon politik sa a depi nou avize w epi nou ba w pèmisyon pou w retire akseptasyon w pou regleman sa a jan lalwa egzije sa.