Òf pou nouvo kliyan
Ou voye 100 USD li resevwa {{striked_receiver_amount}} {{receiver_amount}} JMD

Voye lajan Jamayik

Peye $0 frè transfè sou premye transfè entènasyonal anliy ou, epi benefisye to echanj ki avantaje lè w ap voye lajan Jamayik.
USD
Send up to
JMD

Western Union fè lajan apati FX. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. ‌Òf la pa disponib pou Quick Collect, transfè anndan Etazini, kat kredi, ak Google Pay.

‌Transfè lajan rapid anliy avèk pri espesyal ak rekonpans. Transfè anliy fyab, ki pwoteje pa chifreman ak mezi kont fwod. ‌Chwazi opsyon peman ak livrezon ki koresponn ak bezwen w yo.

Fason ki pratik pou voye ak resevwa lajan

Jamaica-logo-lockup-UPDATED

Voye lajan bay rezo nou an nan Jamayik

‌Depi 150 an, Western Union se yon lidè mondyal nan sèvis transfè lajan ki rapid e fasil. Itilize gwo rezo founisè sèvis peman nou an nan Jamayik pou fè tranzaksyon san pwoblèm. ‌‌Kit w ap voye lajan sou kont labank, sou kat debi, oswa pou retrè lajan kach, pwofite sèvis peman ki fyab.

 

‌Patnè peman nou yo nan Jamayik gen ladan National Commercial Bank ak Bank of Nova Scotia.

 

‌‌Nou fè patenarya avèk anpil lòt enstitisyon fyab, tankou First Caribbean International Bank, Jamaica National Bank ak JMMB Bank. Ou kapab jwenn plizyè biwo pou retrè lajan kach tou isit la.

‌Suiv to echanj yo anvan ou voye lajan Jamayik

‌Konfigire alèt sou to echanj pou USD an JMD

Resevwa notifikasyon lè to yo chanje.

‌Kòmanse transfè w la lè w pare.

4.8
app-store
4.7
google-play
Evalyasyon apati Oktòb 2026.

‌Plis enfòmasyon sou fason pou voye lajan Jamayik depi Etazini

‌Kit w ap voye lajan pou premye fwa, kit w ap fè transfè regilyèman, detay sa yo ka rann pwosesis la pi senp.

Prepare enfòmasyon benefisyè w la

Pou voye lajan sou kont labank nan Jamayik, w ap bezwen nimewo telefòn benefisyè w la, non bank, non sikisal, ak nimewo kont labank lan.

Aprann plis

Repete transfè rapidman

Èske ou fè transfè lajan nan Jamayik regilyèman? Anrejistre enfòmasyon fanmi w yo pou w ka fè transfè ankò byen vit.

Konekte kounye a

Jwenn yon estimasyon anvan ou voye lajan

Chèche enfòmasyon sou to echanj yo davans pou w wè kijan konvèsyon an ye ant dola Ameriken ak dola Jamayiken. Estimé frè yo, tan transfè yo, ak plis ankò anvan ou voye.

Itilize estimatè pri gratis nou an

Pare pou voye lajan?

media
Western Union Rewards
Western Union Rewards

Pare pou transfòme transfè lajan ou yo an rekonpans? Jis konekte oswa enskri avèk Western Union, ranpli pwofil ou epi kòmanse touche pwen!

star_rewards
Touche 100 pwen

avèk chak transfè lajan anliy.

discount_rewards

500 pwen = jiska 2 USD rabè sou frè transfè lajan1.

Òf eksklizif pou manb nan mak ou renmen.

gift

Òf ak rabè, jis pou ou

Dekouvri òf ki chwazi sèlman pou manm Western Union Rewards yo.

Rezon pou chwazi Western Union®

Voye lajan jan ou vle

Avèk plizyè ways to send money, ou ka chwazi fason ki pi apwopriye pou sitiyasyon w pou voye lajan Jamayik. Fè yon transfè lajan anliy, voye lajan avèk aplikasyon nou an, oswa peye nan yon biwo ajan.

‌Gratis pou enskri

Enskripsyon an gratis, kit ou fè l anliy, kit ou fè l atravè aplikasyon nou an.

Biwo ajan ki pratik yo

Lajan ka retire nan plis pase 200 biwo ajan atravè Jamayik, epi gen plizyè milye pwen sèvis konsa toupatou Ozetazini.

Angajman pou sekirite

Teknoloji nou yo itilize chifreman, ansanm ak lòt mezi pou anpeche fwod, yon fason pou w ka gen lapè nan lespri w pandan lajan w ap deplase sòti Etazini pou ale Jamayik.

Enskri pou voye lajan Meksik jodi a

Enskripsyon rapid e fasil

Ou ka kòmanse voye lajan Jamayik nan kèk minit. Senpleman enskri pou yon pwofil gratis pou w ka kòmanse kounye a.

Suiv transfè w la

Itiolize zouti suivi pratik nou an pou suiv transfè w la fasilman an tan reyèl.

Ekonomize tan lè w pwograme transfè

Èske w voye lajan Jamayik regilyèman? Planifye davans avèk peman pwograme; sa pèmèt ou transfere lajan chak semèn, chak mwa, oswa nan moman ou chwazi.

Anrejistre enfòmasyon benefisyè yo

Pa bezwen antre menm enfòmasyon yo de fwa. Anrejistre enfòmasyon benefisyè w yo pou pèmèt transfè ‘Revoye rapid’.

Vin jwenn nou jodi a

Refere zanmi ou yo bay Western Union epi touche rekonpans enteresan pou chak referans ki reyisi.

Kesyon yo poze souvan sou voye lajan nan Jamayik sòti Ozetazini.

Kijan mwen ka voye lajan Jamayik?

W ap gen anpil chwa lè w ap chèche fason pou voye lajan Jamayik sòti Etazini. ‌Kit w ap sipòte fanmi yo avèk kou lavi a oswa transfere lajan kòm yon kado, opsyon prensipal yo pou voye lajan yo se:

  • Anliy. Jis kreye yon pwofil pou kòmanse.
  • Atravè aplikasyon nou an. ‌Yon lòt fason pratik pou transfere lajan depi nenpòt kote.
  • An pèsòn. Jwenn yon biwo ajan toupre lakay.

Konbyen lajan mwen ka voye Jamayik?

Ekivalan 955,000 dola Jamayiken an USD ka voye sòti Ozetazini pou rive sou kont labank yon benefisyè; sepandan, limit lajan kach pou voye se $5,000 USD.

Ki pi bon fason pou voye lajan Jamayik?

Pi bon fason pou voye lajan sòti Etazini pou rive Jamayik depann de sa ki pi enpòtan pou ou. Si fasilite se priyorite a, voye lajan anliy oswa sou aplikasyon Western Union nan se opsyon ki pi senp yo. Ou ka chwazi tou metòd livrezon ki pi bon pou benefisyè w la, tankou voye l dirèkteman sou yon kont labank, retrè lajan kach, oswa sou yon pòtfèy mobil.

‌Ki fason ki pi bon mache pou voye lajan Jamayik?

Fason ki pi bon mache pou voye lajan Gwatemala ap varye selon fason ou peye a, fason benefisyè w la resevwa lajan, ak to echanj ki genyen nan moman ou fè transfè a. ‌Itilize zouti nou an pou voye lajan anliy pou ‌kalkile frè transfè lajan‌ anvan ou voye l.

Kijan pou m voye lajan Jamayik anliy?

Konekte oswa enskri pou yon pwofil gratis avèk Western Union. Apre sa, jis klike sou ‘Voye kounye a’ pou kòmanse pwosesis transfè a.

  • Chwazi Jamayik kòm destinasyon w, epi antre montan ou vle voye a. Lè sa a, w ap wè lè transfè abityèl nou yo.
  • Klike sou ‘Kont labank’ pou antre enfòmasyon kont moun ou vle resevwa lajan an. Senpleman chwazi kont li an si ou te deja voye lajan ba li anvan.
  • Peye pou transfè lajan w nan Jamayik avèk yon kat kredi2, kat debi oswa kont labank ou.
  • Finalman, w ap resevwa yon imèl konfimasyon ki gen ladan l yon nimewo suivi (MTCN). Sa a pèmèt ou suiv peman w lan, epi ou ka pataje l avèk benefisyè a nan Jamayik tou.

Kisa m bezwen pou m voye lajan anliy nan Jamayik?

W ap bezwen yon lisans chofè Ameriken, paspò, oswa yon pyès idantifikasyon gouvènman an bay pou w ka enskri avèk nou anliy. Pou voye lajan Jamayik, w ap bezwen tou nimewo kont labank benefisyè a ak non sikisal la, ansanm ak adrès li, vil, eta, ak nimewo telefòn mobil li.

Kijan pou m voye lajan Jamayiki depi yon biwo ajan Western Union?

Chèche anliy pou jwenn biwo ajan ki pi pre w la.

  • Pote yon pyès idantifikasyon valid gouvènman an bay oswa yon nimewo telefòn sou kontwa an, ansanm ak enfòmasyon sou bank ak kont benefisyè a nan Jamayik.
  • Itilize yon kat debi yon bank Ameriken bay, oswa lajan kach, pou peye pou transfè lajan w lan.
  • Gade sou resi w la pou w jwenn yon nimewo suivi (MTCN); nimewo sa a pèmèt ou menm ak benefisyè w la suiv transfè a.

Kijan mwen ka estime pri pou voye lajan Jamayik?

Frè transfè yo3 ak to echanj yo ka varye selon metòd peman yo itilize a, fason lajan an resevwa, ansanm ak kote lajan an sòti ak kote li rive a. Pi bon fason pou konnen pri transfè lajan w nan Jamayik se itilize zouti estimatè pri nou an.

Nan ki bank mwen ka voye lajan nan Jamayik?

Avèk Western Union, li fasil pou voye lajan bay kèk nan pi bon bank nan Jamayik. Nou fè patenarya avèk anpil enstitisyon fyab, tankou National Commercial Bank, Bank of Nova Scotia, First Caribbean International Bank, Jamaica National Bank, ak JMMB Bank.

Kijan pou voye lajan Jamayik san yon kont labank?

Li posib pou voye lajan nan Jamayik san w pa gen yon kont labank, si w peye pou transfè a ak lajan kach oswa avèk yon kat kredi. Si benefisyè w la pa gen kont labank, li ka toujou resevwa lajan an kach nan yon biwo ajan Western Union.

‌‌Kijan retrè lajan kach fonksyone pou transfè lajan nan Jamayik?

‌Lè w chwazi retrè lajan kach, benefisyè w la ka vin pran lajan an nan yon biwo ajan Western Union ki patisipe nan Ondiras. Anjeneral, yo bezwen nimewo suivi a (MTCN) ak yon pyès idantifikasyon valid.

Èske ou ka voye lajan sou pòtfèy mobil nan Jamayik?

Ui, ou ka voye lajan sou pòtfèy mobil GK One nan Jamayik atravè aplikasyon Western Union lan, sitwèb, oswa nan yon biwo ajan ki toupre w.

1 Rediksyon frè yo aplike sèlman pou frè transfè Western Union® pou yon sèl tranzaksyon Western Union Money Transfer® oswa Quick Collect® . Mete sou kote tout lòt sèvis yo, ki enkli yo men san yo pa limite, pèman fakti anliy ak transfè lajan atravè aplikasyon sosyal/tchat yo. Pwen itilize yo p ap ka ranvèse, epi si montan frè transfè a mwens pase rabè a, p ap gen lajan kach, kredi oswa ranbousman. Western Union rezève dwa pou l ofri pwomosyon oswa rabè ki pa ka konbine avèk rediksyon frè ki sòti nan Western Union Rewards® .

2 Si w ap itilize yon kat kredi, yon frè pou avans lajan kach emetè kat la ka aplike ansanm ak enterè ki koresponn ak sa, ka aplikab. Pou evite frè sa yo oswa pou jwenn mwens frè, itilize yon kat debi oswa verifye lòt metòd pèman.

3 Western Union fè pwofi nan echanj lajan. Frè yo ak to yo gendwa chanje san avètisman. Pa valid pou kat kredi oswa transfè anndan Etazini.