ALÈT POU FWOD KONT KONSOMATÈ: PWOTEJE TÈT OU. FÈ ATANSYON LÈ YON ETRANJE MANDE OU POU OU VOYE LAJAN POU LI, ESPESYALMAN POU VANT OZANCHÈ SOU ENTÈNÈT, ÒF NAN JOUNAL OSWA NAN TELEFÒN.. Western Union pa garanti livrezon oswa konfòmite byen oswa sèvis ki peye avèk Sèvis yo. Western Union pa yon founisè sèvis ki konsève lajan oswa byen. Kliyan ak Destinatè a aksepte pou pa itilize Sèvis pou rezon konsèvasyon byen oswa lajan.
SÈVIS YO, JAN YO DEFINI ANBA A, FOUNI BAY OU DAPRE TOUT TÈM AK KONDISYON AK LWA KI APLIKAB YO.
1. LÈ OU VOYE LAJAN ANNDAN ETAZINI OSWA TERITWA LI YO (“Etazini”), WESTERN UNION®, VIGO® AK ORLANDI VALUTASM(“OV”) SÈVIS TRANSFÈ LAJAN YO (KOLEKTIVMAN, “SÈVIS YO”) SE WESTERN UNION FINANCIAL SERVICES, INC.(“Western UNIONFSI”) KI OFRI YO. LÈ OU VOYE LAJAN ANDEYÒ ETAZINI, SE Western UNIONFSI AK WESTERN UNION INTERNATIONAL SERVICES, LLC (“Western UNIONIS”) KI FOUNI SÈVIS YO ANSANM. PATI NAN SÈVIS YO KI FÈT OZETAZINI ANJENERAL SE ATRAVÈ YON AJAN WESTERN UNION, VIGO, OSWA OV YO FÈ YO. Western UNIONIS FOUNI PATI SÈVIS YO KI PA FÈT OZETAZINI. TOUT PATI SÈVIS YO (ETAZINI AK KI PA OZETAZINI) DWE RESPEKTE TÈM AK KONDISYON SA YO (“AKÒ”) EPI LWA KI APLIKAB LA. Ou gendwa jwenn enfòmasyon adisyonèl konsènan Sèvis yo nan Akò sa a, sou wu.com, vigousa.com ak orlandivaluta.com, selon Sèvis ou chwazi yo. Jan yo itilize yo nan Kontra sa a, “Western Union” oswa “Western Union” fè referans ak Western UNIONFSI pou tranzaksyon yo voye andeyò Etazini, epi ak Western UNIONFSI oubyen Western UNIONIS pou tranzaksyon yo voye andeyò Etazini, epi “Ajan(yo)” fè referans ak ajan ameriken k ap travay pou Western UNIONFSI epi/oswa ajan oubyen entènasyonal reprezantan Western UNIONIS yo, jan sa aplikab. Sèvis ak disponiblite fon yo depann ak kèk faktè ki gen ladan yo Sèvis ki chwazi a, seleksyon opsyon livrezon retade yo, kondisyon espesyal ki aplikab pou chak Sèvis, montan yo voye a, peyi destinasyon an, disponiblite deviz, pwoblèm reglemantasyon oswa pwoteksyon konsomatè, egzijans nan zafè idantifikasyon, restriksyon livrezon, orè fonksyonnman lokalizasyon ajan, ak diferans ki genyen nan zòn fizo orè yo. “Destinatè (yo)” oubyen “Destinatè Final (yo)” vle di benefisyè konsomatè a endike non li (“Ou menm” oswa “Pa ou”) pou resevwa fon Ou voye yo nan Anplasman Vèsman ki Prevwa a (“EPL”). Pou tranzaksyon ki voye anndan Etazini, EPL anjeneral vle di nenpòt lokalizasyon Ajan nan Eta oswa teritwa destinasyon Etazini Ou idantifye a. Pou tranzaksyon ki voye andeyò Etazini, EPL jeneralman vle di nenpòt lokalizasyon Ajan an nan peyi destinasyon Ou idantifye a. Sèvis Telecomunicaciones ki soti Mexico (“Telecomm”) ofri yo disponib sèlman nan adrès biwo Telecomm yo. Destinatè a ap nòmalman resevwa fon yo nan lajan kach, chèk, oswa yon konbinezon sa yo; ak kèk Sèvis, fon yo gendwa kredite nan yon kont bank, kat prepeye, kat debi oswa kredi (“Kat (yo)”), pòtfèy mobil (“MWallet (yo)”), oswa kont similè (kolektivman, “Kont (yo)) “). Benefisyè a gendwa kapab chwazi yon metòd pèman ki diferan ak metòd Pèman Ou chwazi a; Ou otorize Western Union pou respekte chwa Benefisyè a konsènan metòd pèman an. Benefisyè yo ki chwazi pou resevwa lajan atravè yon metòd pèman ki pa kach oswa nan yon deviz ki pa deviz Ou te chwazi a gendwa blije peye plis chaj pou jwenn aksè nan lajan an. Kèk peyi ak/oswa jiridiksyon gendwa enpoze yon taks, frè ak/oswa tarif sou fon ki transfere Destinatè a resevwa, oswa jwenn aksè ak yo. Yo gendwa rapòte tranzaksyon yo bay otorite ki apwopriye yo. Sèvis mesajri ak notifikasyon yo gendwa enkli pou yon chaj adisyonèl. Nan kèk destinasyon, Destinatè a gendwa oblije prezante yon pyès idantite, yon repons ak yon kesyon tès oubyen toulede ansanm anvan li kapab resevwa fon yo nan lajan kach. Kesyon tès yo se pa yon karakteristik sekirite adisyonèl yo ye epi yo pa kapab itilize yo pou kwonometre oubyen retade pèman yon tranzaksyon epi nan kèk peyi, yo entèdi yo. Western UNION BAZE SOU ENFÒMASYON OU BAN NOU YO POU VOYE LAJAN. TANPRI ANALIZE TOUT DETAY TRANZAKSYON YO POU WÈ SI YO KÒRÈK ANVAN OU KONTINYE AK TRANZAKSYON OU AN.
2. FRÈ ADMINISTRASYON: Tranzaksyon ke Ou pa retire oswa anile nan yon delè 1 an apati dat yo voye l la pral soumèt anba yon frè administratif ki pa ranbousab ki ka menm rive nan yon chaj $0.50 maksimòm pa mwa apati dat anvwa a, men li pa kapab plis pase $42.00, yo pral retire nan montan yo voye a (oswa si chaj sa a pi plis pase montan maksimòm lalwa otorize, montan maksimòm lalwa otorize).
3 RANBOUSMAN: Dapre lwa ki aplikab la: (i) tranzaksyon yo kapab anile pou jwenn yon ranbousman montan transfè a, sof si yo te gen tan pase chèche lajan an oswa te depoze nan moman Western Union resevwa demann alekri Ou a; (ii) pou kèk sèvis, eksepte pèman bòdwo Western Union a ak pwodwi epi sèvis prepeye yo, Western Union gendwa bay yon ranbousman frè transfè si fon yo pa disponib nan delè ki presize a; epi (iii) Western Union gendwa fè w peye yon frè pou ranbouse montan transfè a ba Ou nan ka sa yo kote Destinatè a rejte fon Ou yo. Yo pral bay ranbousman ki kalifye yo pou tranzaksyon andedan Etazini nan delè 45 jou apre yo fin resevwa demann alekri W la ki valab. Western Union gendwa bay ranbousman Ou a atravè yon transfè lajan Western Union oswa Western Union gendwa mete ranbousman an sou kat kredi/debi oubyen kont labank ki te itilize a pou peye pou tranzaksyon an. Olye pou resevwa ranbousman an atravè yon transfè lajan Western Union, Ou gendwa mande Western Union pou li voye bay Ou nan kourye lapòs yon chèk pou montan ranbousman an.
KONDISYON ESPESYAL POU TRANZAKSYON ENTÈNASYONAL: Malgre sa ki endike anwo a, epi dapre lalwa ki aplikab yo, yo gendwa anile tranzaksyon entènasyonal yo pou yon ranbousman total montan transfè a ak frè ki peye yo nan espas 30 minit apre peman an, sof si yo gentan pase pran oswa depoze fon yo. Ou gendwa resevwa tou yon ranbousman konplè nan kèk sikonstans si Ou reyisi pwouve yo te fè yon erè oswa jan sa endike nan lwa ki aplikab la.
4. REZOLISYON DISPIT: Sof si ou refize jan sa endike pi ba a, nenpòt dispit ki soti oswa ki gen rapò ak tranzaksyon sa a ap rezoud nan abitraj final ak obligatwa. Se abit la ki pral deside tou kisa abitraj la gen dwa regle. Se Abitraj ak Medyasyon Nasyonal la (National Arbitration and Mediation, (“NAM”)) ki ap òganize anba Règleman ak Pwosedi Konplè pou Rezolisyon dispit (Comprehensive Dispute Resolution Rules and Procedures) li yo, ki disponib nan www.namadr.com/downloads.cfm oubyen ekri nan 990 Stewart Ave., 1st Fl., Garden City, NY, 11530, epi eksplike fason pou kòmanse abitraj la. Ou pral responsab pou jiska $125 nan frè administrasyon an. Western Union kapab redui montan sa a si Ou demontre genyen kontrent, Akò sa a jere pa Lwa Federal sou Abitraj la, epi nenpòt rekonpans pral tonbe anba konfimasyon jidisyè. Nenpòt pwosedi abitraj dwe fèt sou yon baz endividyèl; aksyon kolektif oswa abitraj yo pa otorize. Si nenpòt pati nan paragraf sa a konsidere kòm pa valab, pati sa a p ap rann lòt pati yo vin pa valab tou. Si NAM pa disponib, pati yo oubyen yon tribinal pral chwazi yon lòt abit. Ou gendwa chwazi soti nan abitraj la nan espas 30 jou apre ou te fin lanse yon tranzaksyon, lè ou rele 1-800-325-6000 (Western Union), 1-866-519-0433 (Vigo) oswa 1-800-515-5505 (OV). SI OU PA DESIDE SOTI, OU PRAL RENONSE NENPÒT DWA OU GENYEN POU JWENN YON PWOSÈ AK JIRI OUBYEN AK YON JIJ NAN YON TRIBINAL EPI NENPÒT DWA TOU POU PATISIPE NAN YON PWOSÈ YON GWOUP MOUN AP FÈ ANSANM.
5. LIMIT RESPONSABLITE: NAN TOUT MEZI LWA APLIKAB LA OTORIZE L: (1) NAN OKENN KA Western Union P AP RESPONSAB DOMAJ KIT LI KOZE AKOZ NEGLIJANS ANPLWAYE, FOUNISÈ OSWA AJAN LI YO OSWA YON LÒT FASON POU MONTAN KI PLIS PASE 500$ (anplis ranbousman montan transfè a ak frè transfè a epi eksepte jan sa endike nan Kòd Finansye Kalifòni § 2102); epi (2) NAN OKENN KA Western Union OSWA AJAN LI YO P AP RESPONSAB OKENN DOMAJ ENDIRÈK, ESPESYAL, AKSIDANTÈL, KONSEKITIF, EGZANPLÈ OSWA PINITIF, OSWA SANBLAB.
6. TRANZAKSYON ENTÈNASYONAL, ECHANJ DEVIZ: Lè Ou voye lajan andeyò peyi Etazini, Ou fè kontra ak Western UNIONFSI epi Western UNIONIS, ki yo menm ap fè de (2) tranzaksyon transfè lajan separe pou yo ka rann lajan an disponib pou Destinatè Final la. Nan premye tranzaksyon an, W ap angaje Western UNIONFSI ak Ajan li yo pou pran lajan Ou an epi pou rann li disponib pou Western UNIONIS. Nan dezyèm tranzaksyon an, w ap angaje Western UNIONIS pou konvèti lajan w nan deviz ki kòrèk la epi pou rann fon yo disponib pou Destinatè Final la andeyò Etazini. Anplis frè transfè yo, ke WESTERN UNIONIS chaje, yo pral aplike yon to echanj. Yo konvèti dola ameriken nan deviz etranje dapre yon to chanj Western Union fikse, eksepte si lwa EPL yo pa otorize Western Union fikse yon to chanj. Western Union ap kenbe nenpòt diferans ki genyen ant to yo te ba Ou a ak to Western Union te resevwa a (epi nan kèk ka, Ajan li yo) anplis frè pou transfè yo. Dapre lwa ki aplikab la, to chanj reyèl oswa estime a ki aplikab pou tranzaksyon W lan pral make nan deklarasyon alekri ke Western Union pral ba W la. Vèsman yo anjeneral ap fèt nan deviz nasyonal EPL (“Deviz Lokal”) la. Nan kèk peyi, Ou gendwa deziyen yon deviz pou pèman an ki pa Deviz Lokal la; sepandan, deviz altènatif Ou chwazi a gendwa pa disponib nan tout lokalizasyon Ajan yo. Western Union pa responsab to chanj deviz ki pral aplike a si Destinatè Final la chwazi pou li resevwa yon deviz nan yon deviz ki pa deviz Ou te chwazi a.
7. TÈM ESPESYAL POU TRANZAKSYON SOU KONT YO: Kote sa disponib, Western Union gendwa pèmèt ou kredite Kont yon Destinatè. Founisè Kont lan gendwa enpoze frè adisyonèl sou Destinatè a pou resevwa fon yo nan yon Kont. Sof si lalwa aplikab mande sa, Western Union p ap aksepte okenn responsabilite pou Ou ni pou okenn pwopriyetè Kont, pou nenpòt frè founisè Kont lan enpoze Benefisyè a. Si deviz Ou chwazi pou voye a sou yon Kont se pa deviz yo itilize pou lajan ki sou Kont lan, founisè Kont lan gendwa konvèti fon yo dapre pwòp to chanj pou deviz li a oswa rejte tranzaksyon an. Akò ant Destinatè a ak founisè Kont lan reji dwa, responsablite ak frè Destinatè a (ansanm ak frè pou transfere lajan kach apati yon Kat oswa MWallet), epi founisè Kont lan gendwa enpoze pwòp restriksyon li konsènan disponibilite fon yo, limit ki gendwa transfere sou Kont lan oswa fon maksimòm ki kapab depoze sou Kont lan, orè fonksyonnman yo, jou ferye ansanm ak lòt limit. Nan pifò sitiyasyon yo, Destinatè a dwe enskri nan yon pwogram Kat oswa MWallet pou kapab resevwa yon tranzaksyon. Yon Destinatè ki pa enskri nan okenn pwogram Kat oubyen MWallet gendwa kapab resevwa fon an nan yon lokalizasyon Ajan epi li gendwa oblije respekte plis egzijans toujou. Western Union gendwa fè lajan apati frè ki asosye ak itilizasyon yon Kat oubyen yon MWallet. Ni Western Union, ni okenn nan Ajan li yo, p ap fè pwomosyon ni p ap rekòmande sèvis okenn founisè Kat oswa MWallet.
AVI ENPÒTAN POU TRANZAKSYON KI FÈT SOU “KONT” YO (JAN YO DEFINI L ANWO A): TANPRI ASIRE W NIMEWO KONT LAN, DETAY SOU BANK LAN, DEVIZ OU CHWAZI A, AK/OSWA NIMEWO KAT OSWA NIMEWO TELEFÒN MOBIL LA KÒRÈK ANVAN OU VOYE L. SINON, YO GENDWA VOYE LAJAN AN SOU MOVE KONT LAN EPI YO GENDWA PA KAPAB REKIPERE LI.
8. TÈM ESPESYAL POU TRANZAKSYON APATI KONT YO: Kote sa disponib, Western Union gendwa pèmèt ou peye Sèvis yo lè w sèvi ak yon Kont. Bank la oswa lòt founisè yon Kont, ansanm ak konpayi ki bay kat yo (“Founisè Kont lan”) gendwa enpoze frè adisyonèl sou Kont Ou a. Akò ki fèt ak Founisè Kont lan dirije jan Ou itilize yon Kont epi li bay dwa ak responsablite moun ki gen Kont lan. Sof si lalwa aplikab la egzije sa, Western Union p ap aksepte okenn responsablite pou Ou ni pou okenn pwopriyetè Kont, pou kèlkeswa frè yon Founisè Kont enpoze. Si deviz Ou chwazi pou tranzaksyon Ou yo se pa deviz yo libele yon Kont, Founisè Kont lan gendwa konvèti fon yo dapre pwòp to chanj li pou deviz li a oswa rejte transfè yo. Itilizasyon ou fè ak yon Kont dwe limite ak itilizasyon pèsonèl oswa endividyèl sèlman epi li pa dwe pou itilizasyon bò kote oswa nan non okenn biznis oswa antite legal. Western Union gendwa itilize rezo Automated Clearing House (“ACH”) la, transfè kontab, transfè fon elektwonik, transfè labank oswa lòt metòd pou trete tranzaksyon ki gen rapò ak yon Kont. Western Union pa responsab pou aksyon ke Founisè Kont lan pran yo, tankou afiche tranzaksyon ki pa kòrèk yo. Montan ki dwe a sipoze peye avan Western Union trete tranzaksyon an. Si Western Union pa resevwa otorizasyon nan men Founisè Kont lan, tranzaksyon yo p ap trete epi fon yo p ap transmèt bay Destinatè Final la. Chak fwa ou itilize Kont ou an pou peye pou Sèvis yo, Ou dakò ke Western Union genyen otorizasyon pou retire sou Kont Ou an total lajan yo te di W ki gen rapò ak tranzaksyon yo.
AVI ENPÒTAN POU ITILIZE KONT OU A POU PEYE TRANZAKSYON YO: Lè w kòmanse tranzaksyon yo apati yon Kont, Ou (i) afime Ou se pwopriyetè Kont lan epi ou gen otorite pou lanse tranzaksyon an epi (ii) otorize Western Union lanse debi ak kredi elektwonik sou Kont Ou yo pou trete epi korije erè yo epi soumèt debi oswa kredi a ankò, dapre règleman ki aplikab yo, si yon tranzaksyon pa ka finalize. Lalwa pèmèt Western Union responsab pou domaj ki koze si li pa debite Kont ou dapre tèm ak kondisyon sa yo, nan montan ki kòrèk la oswa nan yon tan ki apwopriye lè ou ba li enstriksyon kòrèkteman pou fè sa. Sepandan, Western Union p ap responsab kote: (1) Ou pa gen ase lajan disponib sou Kont ou; (2) Kont ou fèmen oswa retrè yo limite; (3) tranzaksyon an depase limit an dola oswa frekans Western Union oswa Founisè Kont ou a enpoze yo; (4) sikonstans ki pa sou kontwòl Western Union (tankou inondasyon, dife, pann kouran, pann mekanik oswa sistèm); (5) Founisè Kont ou a pa onore tranzaksyon yo, tranzaksyon yo pa trete oswa Founisè Kont ou a retounen tranzaksyon yo; (6) Enstriksyon ou yo pèdi oswa yo retade nan transmisyon bay Western Union; (7) Western Union pa trete tranzaksyon ou yo akòz yon pwoblèm sekirite rezonab oswa opsyon Sèvis la te kanpe oswa sispann, oswa Western Union sinon avize ou demann ou a p ap trete; ak (8) lòt eksepsyon lalwa aplikab la pèmèt.
9. VERIFIKASYON IDANTITE AK ANPLASMAN: OU OTORIZE WESTERN UNION POU MANDE OPERATÈ MOBIL OU A POU ITILIZE DETAY SOU ABÒNE MOBIL OU A POU VERIFYE IDANTITE OU. DETAY SA YO GENDWA GEN LADAN NON, ADRÈS FAKTIRASYON, IMÈL, AK NIMEWO TELEFÒN. ENFÒMASYON SA YO KAPAB GEN LADAN TOU ENFÒMASYON SOU LOKALIZASYON, SI LI DISPONIB.
10. ITILIZASYON SITWÈB WESTERN UNION NAN, APARÈY MOBIL AK SÈVIS TABLÈT:
A. SÈVIS KI BAZE SOU ANPLASMAN: Ou rekonèt epi ou otorize enfòmasyon konsènan lokalizasyon aparèy mobil ou, tablèt ou oswa òdinatè w la gendwa itilize pou evalye lokalizasyon w lan. Yo kapab jwenn lokalizasyon an nenpòt lè ou konekte sou sitwèb la, sou aparèy mobil ak sit deviz tablèt la ak aplikasyon yo (“Sitwèb”). Ou dakò yon fason ekspre ou otorize Western Union pou kolekte epi itilize anplasman ou nan kad sit entènèt Western Union lan epi nan kad kalifikasyon pou itilize sit entènèt la.
B. PWOPRIYETE ENTÈLEKTYÈL Sitwèb Western Union lan, Sèvis li yo, kontni, ak tout pwopriyete entelektyèl ki isit la (ki gen ladan men pa limite ak otè, patant, dwa nan bazdone, mak komèsyal ak mak sèvis yo) se pwopriyete Western Union, afilye li yo oswa tyès pati yo, epi tout dwa, sit ak enterè isit la pral rete pwopriyete Western Union, afilye li yo ak/oswa tyès pati sa yo. Yo kapab itilize Sitwèb ak Sèvis yo sèlman pou rezon ke Tèm ak Kondisyon sa yo otorize yo. Ou kapab revize epi konsève yon kopi paj Sitwèb la sèlman pou pwòp itilizasyon pèsonèl Ou yo, itilizasyon non-komèsyal. Ou pa kapab diplike, pibliye, modifye, kreye travay apati yo, patisipe nan transfè, piblikasyon sou Entènèt la, oswa nan okenn fason distribye ni eksplwate Sitwèb la, Sèvis la oswa nenpòt pati ladan pou okenn itilizasyon piblik oswa komèsyal san konsantman alekri Western Union. Ou pa dwe (i) itilize okenn wobo, lojisyèl espyon, zouti pou ekstrè enfòmasyon oswa lòt aparèy otorize pou jwenn aksè nan Sitwèb la oswa nan Sèvis la; oswa (ii) retire oswa modifye okenn otè, mak komèsyal oswa lòt avi pwopriyetè oswa lejann ki afiche sou Sitwèb la (oswa paj dokiman sa yo ki enprime). Non Western Union lan ansanm ak lòt non ak endis pwopriyetè Sèvis yo se mak esklizif Western Union oswa lòt tyès pati yo. Lòt pwodwi, sèvis ak non antrepriz ki afiche sou Sitwèb la kapab komèsyal pwopriyetè yo.
C. LYEN POU AL SOU LÒT SIT: Sit entènèt la gendwa genyen lyen ak endikasyon ki mennen sou lòt sit ak resous Entènèt World Wide Web (“Sit ki gen lyen yo”). Lyen ki mennen nan nenpòt Sit ki Gen lyen ki pa ni yon apwobasyon ni yon asosyasyon bò kote Western Union ak konpayi afilye li yo. Lyen yo pa enplike ke Western Union asosye avèk oswa legalman otorize pou itilize okenn mak komèsyal, non komèsyal, logo oswa senbòl otè ki afiche oswa ki aksesib atravè lyen yo, oswa ke nenpòt Sit ki Gen lyen yo otorize pou itilize okenn mak komèsyal, non komèsyal, logo oswa senbòl otè Western Union oswa nenpòt nan afilye li yo. Ou ta dwe adrese nenpòt enkyetid konsènan nenpòt Sit ki Gen Lyen ak administratè sit oswa jesyonè Sit ki Gen lyen sa a. Western Union pa reprezante ni sipòte presizyon oswa fyabilite, epi li demanti nan yon fason ekspre tout konsèy, opinyon, deklarasyon oswa lòt enfòmasyon ki parèt oswa distribye atravè nenpòt Sit ki Gen Lyen. Ou dakò ke konfyans ou mete nan nenpòt opinyon, konsèy oswa enfòmasyon ki afiche oswa yon lòt fason ki disponib pa mwayen nenpòt Sit ki Gen Lyen yo pral sou risk Ou sèlman.
11. JENERAL: Akò sa a, ansanm ak tout atik referans lan entegre ladan l, reprezante tout antant ki genyen ant pati yo. Li ranplase tout lòt antant anvan yo epi yo pa kapab modifye li nan bouch. Western Union gen dwa pou transfere Akò sa a bay nenpòt pati, nenpòt kilè, san li pa bezwen otorizasyon Ou. Akò sa a se lwa Kolorado ki reji li, san okenn konsiderasyon konsènan konfli règleman lwa yo. Si yo jwenn yon dispozisyon nan akò a ki pa valab, tout rès atik yo ap rete valab. Sèvis yo se pou moun ki gen omwen 18 lane sèlman oswa plis. Vèsyon ki nan lang Anglè Kontra a gen priyorite si gen yon enkonsistans ant vèsyon Anglè ak vèsyon ki pa nan lang Anglè a. Oumenm ak Benefisyè a deklare ke jan Ou sèvi ak Sèvis yo pa vyole: (a) okenn lwa, sa ki gen ladan, san limit, lwa ki gen pou wè ak blanchiman lajan, aktivite jwètilegal, soutyen pou aktivite teworis oubyen fwòd; epi/oswa (b) Akò sa a. Enfòmasyon yo bay Western Union dwe kòrèk epi konplè. Ou dwe konpanse Western Union ak Ajan li yo pou tout pèt kèlkeswa nati yo ye (sa ki gen ladann frè pou avoka) ki rive akòz Oumenm oswa Benefisyè a pa te respekte Kontra a. Western Union gen dwa pou modifye Sèvis yo nenpòt lè, san li pa bay preyavi. Western Union ak Ajan li yo gendwa refize bay nenpòt moun Sèvis yo.
12. KONFIDANSYALITE: Nou ka kolekte epi divilge enfòmasyon pèsonèl bay tyès pati yo jan sa eksplike nan Deklarasyon Konfidansyalite nou an. Pou jwenn yon kopi, vizite wu.com oswa voye yon imèl nan wuprivacy@westernunion.com. Nou kolekte enfòmasyon pèsonèl, pa egzanp, lè W ap fè tranzaksyon avèk nou (pa egzanp, lè w itilize Sèvis yo) epi ak lòt konpayi yo; lè ou bay enfòmasyon sou aplikasyon, fòmilè yo epi nan lòt fason toujou; lè ou itilize oswa ou konekte aplikasyon nou an oswa lòt aplikasyon oswa sitwèb ki sou Entènèt; lè ou enskri nan yon pwomosyon; ou enskri pou resevwa kominikasyon; oswa ou enskri nan yon pwogram fidelizasyon kliyan. Epitou nou kolekte enfòmasyon nan anpil sous epi nou gendwa kolekte, swiv epi konbine enfòmasyon sou anpil aparèy, platfòm ak chanèl diferan. Enfòmasyon ki kominike yo gendwa gen ladann done finansyè (pa egzanp, enfòmasyon konsènan tranzaksyon ou fè avèk nou ansnam ak lòt kesyon finansyè), enfòmasyon pou kontakte w, idantifye w, enfòmasyon ki gen rapò ak konpitè, aparèy mobil ak rezo sosyo. Benefisyè yo ka enkli konpayi finansye ak konpayi ki pa finansye yo, founisè sèvis yo, ajans leta ak espesyalis maketing dirèk yo. Ou gendwa mande nou pou nou limite kèk kominikasyon enfòmasyon pèsonèl ou yo, epi n ap respekte desizyon Ou jouk Ou chanje lide oubyen nou efase done Ou yo. Pou limite divilgasyon (refize patisipe), voye yon imèl nan wuprivacy@westernunion.com.
13. ALÈT POU FWOD KONT KONSOMATÈ: PWOTEJE TÈT OU. FÈ ATANSYON LÈ YON ETRANJE MANDE W POU W VOYE LAJAN POU LI, ESPESYALMAN POU VANT OZANCHÈ SOU ENTÈNÈT, ÒF NAN JOUNAL OSWA NAN TELEFÒN. Western Union pa garanti ni livrezon machandiz oswa sèvis ki peye pou Sèvis yo, ni machandiz oswa sèvis yo adapte komèsyalman pou Sèvis yo. Western Union pa yon founisè sèvis pou konsève byen oswa lajan. Oumenm ak Benefisyè a dakò pou pa itilize Sèvis yo pou konsève lajan, oswa byen.