Tèm ak Kondisyon Mobil yo

ALÈT POU FWOD KONT KONSOMATÈ: PWOTEJE TÈT OU. FÈ ATANSYON LÈ YON ETRANJE MANDE W POU W VOYE LAJAN POU LI, ESPESYALMAN POU VANT OZANCHÈ SOU ENTÈNÈT, ÒF NAN JOUNAL OSWA NAN TELEFÒN. Western Union pa garanti livrezon oswa konfòmite byen oswa sèvis ki peye avèk Sèvis yo. Western Union pa yon founisè sèvis ki konsève lajan oswa byen. Kliyan ak Destinatè a aksepte pou pa itilize Sèvis pou rezon konsèvasyon byen oswa lajan.

Avize Western Union imedyatman si ou kwè non itilizatè ak modpas Western Union ou pèdi oswa yo vòlè l, oubyen si yon moun gendwa itilize yo san pèmisyon ou.

 

1. SÈVIS TRANSFÈ LAJAN WESTERN UNION (“WESTERN UNION”) MONEY TRANSFER® SÈVIS TRANSFÈ LAJAN VIGO (“VIGO”) AK SÈVIS TRANSFÈ LAJAN ORLANDI VALUTA (“ORLANDI VALUTA”) (“SÈVIS”) YO, SE WESTERN UNION FINANCIAL SERVICES, INC. (“WESTERN UNION”) KI OFRI YO EPI YO PLIYE ANBA TÈM AK KONDISYON SA YO (“AKÒ”) AK LWA APLIKAB LA. Ou gendwa jwenn plis enfòmasyon konsènan Sèvis yo nan www.westernunion.com, www.vigousa.com epi www.orlandivaluta.com, dapre sèvis ou chwazi yo. Sèvis ak disponiblite fon yo depann ak kèk faktè ansanm ak sèvis ou chwazi a, chwa opsyon livrezon retade yo, montan ou voye a, peyi li prale a, disponiblite deviz la, pwoblèm reglemantasyon, pwoblèm pwoteksyon konsomatè, egzijans nan zafè idantifikasyon yo, orè fonksyonnman lokalizasyon ajan yo, ak diferans nan fizo orè yo (jeneralman, “Restriksyon”). Benefisyè ki deziyen an (“Destinatè”) gendwa jeneralman resevwa fon konsomatè Western Union voye a (“Ou menm”) nan lokalizasyon Ajan an nan Zòn Vèsman ki Prevwa a. Pou tranzaksyon yo voye anndan Etazini, Anplasman Vèsman ki Prevwa a jeneralman vle di nenpòt lokalizasyon Ajan nan Eta oswa teritwa Etazini Ou endike a. Pou tranzaksyon yo voye andeyò Etazini, Anplasman Vèsman ki Prevwa a jeneralman vle di nenpòt lokalizasyon Ajan Ou endike nan peyi destinasyon an. Sèvis Telecomunicaciones ki soti Mexico (“Telecomm”) ofri yo disponib sèlman nan adrès biwo Telecomm yo. Ou gendwa peye Sèvis yo avèk yon kat kredi Visa oswa MasterCard Etazini, oswa kat debi yon enstitisyon finansye ki tabli Etazini (“Kat Bank”). Altènativman, ou gendwa peye ak lajan kach nan yon lokalizasyon ajan Western Union oswa lè w itilize telefòn mobil Western Union lan, Western UnionPay oswa opsyon ACH (“Opsyon Pèman Altènatif”). Montan total ki dwe a sipoze peye anvan Western Union trete tranzaksyon an. Si Western Union pa resevwa otorizasyon nan men entitisyon ki bay Kat Bank lan (oswa founisè kont ou an, nan ka Opsyon Peman Altènatif yo), tranzaksyon an p ap trete epi fon yo p ap transmèt bay Destinatè a. Chak fwa ou itilize Kat bank ou oswa Opsyon Pèman Altènatif ou pou peye pou Sèvis yo, ou dakò Western Union otorize pou retire lajan nan Kat bank ou te deziyen an oswa sou kont ki aplikab la pou total ki te divilge ba ou a ki gen rapò ak tranzaksyon an. Destinatè a ap nòmalman resevwa fon Ou voye nan lajan kach, chèk, oswa yon konbinezon moyen sa yo; ak kèk Sèvis, fon yo gendwa kredite sou yon kat bank, prepeye oswa kredi, pòtfèy mobil, oswa kont ki sanble ak sa. Destinatè a gendwa kapab chwazi yon metòd vèsman ki diferan ak metòd vèsman Ou presize a; Ou otorize Western Union pou respekte chwa Destinatè a konsènan metòd vèsman an. Benefisyè yo ki chwazi pou resevwa lajan atravè yon metòd pèman ki pa kach oswa nan yon deviz ki pa deviz Ou te chwazi a gendwa blije peye plis chaj pou jwenn aksè nan lajan an. Kèk peyi ak/oswa jiridiksyon gendwa mete yon taks, frè ak/oswa tarif sou Tranzaksyon ou a ak/ oswa resepsyon, aksè Destinatè an ak fon transfere yo. Tranzaksyon: (i) ki depase sèten montan; (ii) pou kèk destinasyon; (iii) ki enplike kèk pwoblèm reglemantasyon oswa pwoblèm pwoteksyon konsomatè; oswa (iv) ki voye atravè opsyon ki retade gendwa pran plis tan, soumèt ak limit sou dola yo oswa soumèt ak Restriksyon adisyonèl yo. Yo gendwa rapòte tranzaksyon yo bay otorite ki apwopriye yo. Sèvis mesajri ak notifikasyon yo ka kreye frè adisyonèl. Nan kèk destinasyon, Destinatè a gendwa oblije prezante yon pyès idantite, yon repons ak yon kesyon tès oubyen toulede ansanm anvan li kapab resevwa fon yo nan lajan kach. Kesyon tès yo se pa yon karakteristik sekirite adisyonèl yo ye epi yo pa kapab itilize yo pou kwonometre oubyen retade pèman yon tranzaksyon epi nan kèk peyi, yo entèdi yo. Western Union konte sou enfòmasyon ke w bay nou yo pou voye lajan. Tanpri, revize tout detay tranzaksyon yo pou presizyon anvan ou finalize tranzaksyon w lan.

2. FRÈ ADMINISTRASYON: Tranzaksyon yo pa vin chèche oswa Ou anile yon lane apati dat ou fin voye l la ap gen ajoute yon frè administrasyon jiska senkant santim ki pa ranbousab chak mwa apati dat ou te voye l la, men li pa kapab plis pase karannde dola, yo ap retire nan montan ki voye a (oswa nan ka kote frè sa a plis pase montan maksimòm lalwa otorize a, montan maksimòm lalwa otorize an).

3 RANBOUSMAN: Dapre lwa ki aplikab la: (i) yo gendwa anile transfè yo pou ranbousman montan prensipal la, sof si yo te retire oswa depoze fon yo lè Western Union resevwa demann alekri Ou a; (ii) pou kèk sèvis, eksepte pèman fakti Western Union ak pwodwi ak sèvis prepeye yo, Western Union gendwa bay yon ranbousman frè transfè si fon yo pa disponib nan delè ki presize a; epi (iii) Western Union gendwa fè w peye yon frè pou ranbouse montan prensipal la ba ou nan ka kote Destinatè a rejte fon Ou yo. Yo ap fè ranbousman ki kalifye yo pou transfè ki kòmanse epi fini Ozetazini yo nan espas 45 jou apre yo resevwa demann alekri Ou a ki valid. Western Union gendwa bay ranbousman Ou a atravè yon transfè lajan Wester Union oswa Western Union gendwa bay ranbousman an sou kat kredi oswa debi ki te itilize a pou peye tranzaksyon an. Olye pou resevwa ranbousman an atravè yon transfè lajan Western Union, Ou gendwa mande Western Union pou li voye ba Ou yon chèk nan montan ranbousman an nan kourye lapòs. Kote lalwa egzije sa, ranbousman ki asosye ak kèk transfè entènasyonal yo gendwa kalifye pou yon trètman diferan.

KONDISYON ESPESYAL YO POU TRANSFÈ ENTÈNASYONAL: Malgre sa ki endike anwo a, epi dapre lalwa ki aplikab yo, yo gendwa anile transfè entènasyonal yo pou ranbousman total montan prensipal la ak frè ki peye yo nan espsa 30 minit apre pèman an, sof si yo gentan pase pran oswa depoze fon yo. Ou gendwa resevwa tou yon ranbousman konplè nan kèk sikonstans si Ou reyisi pwouve yo te fè yon erè oswa jan sa endike nan lwa ki aplikab la.

Dispozisyon sa a aplike sèlman pou tranzaksyon ki soti nan Kalifòni:

DWA POU REMBOUSMAN: “Ou menm, kliyan an, ou gen dwa jwenn yon ranbousman pou lajan ki dwe transmèt akoz akò sa a si Western Union pa voye lajan li resevwa nan men Ou a nan espas 10 jou apati dat li resevwa li a, oswa si li pa bay enstriksyon pou angaje yon montan lajan ekivalan bay moun ou deziyen an nan espas 10 jou apati dat li resevwa fon yo nan men ou, sof si ou bay lòt enstriksyon. Si enstriksyon ou yo konsènan dat lajan an dwe transfere oswa transmèt pa respekte epi lajan an poko transfere oswa transmèt, ou gen dwa jwenn yon ranbousman pou lajan Ou an. Si ou vle yon ranbousman, ou dwe voye oswa depoze demann alekri Ou a bay Western Union nan PO Box 6036, Englewood, CO 80112. Si ou pa resevwa ranbousman ou an, ou ka gen dwa rejwenn lajan ou plis yon penalite jiska $1,000 ak frè avoka dapre Seksyon 2102 nan Kòd Finansye Kalifòni an.”

4. REZOLISYON DISPIT: Sof si ou refize jan sa endike pi ba a, nenpòt dispit ki soti oswa ki gen rapò ak tranzaksyon sa a ap rezoud nan abitraj final ak obligatwa. Se abit la ki pral deside tou kisa abitraj la gen dwa regle. Abitraj la ap sou administrasyon Abitraj ak Medyasyon Nasyonal (“NAM”) anba Règ ak Pwosedi Rezolisyon Konfli Konplè li yo, ki disponib nan www.namadr.com/downloads.cfm oubyen ou ka ekri nan 990 Stewart Ave., 1st Fl., Garden City, NY, 11530 epi eksplike kijan pou kòmanse yon abitraj. Ou ap responsab pou jiska $125 nan frè administrasyon yo. Western Union gendwa diminye montan sa a si ou demontre difikilte. Akò sa a pliye anba Lwa Federal sou Abitraj la, epi nenpòt desizyon dwe sibi konfimasyon jidisyè. Nenpòt pwosedi abitraj dwe fèt sou yon baz endividyèl; aksyon kolektif oswa abitraj yo pa otorize. Si yo jije nenpòt pati nan paragraf sa a pa valab, li p ap anile lòt pati yo. Si NAM lan pa disponib, pati yo oswa yon tribinal ap chwazi yon lòt abit. Ou gendwa chwazi pou pa patisipe nan abitraj la nan espas 30 jou apre ou fin lanse yon tranzaksyon lè w rele 1-800-325-6000 (Wester Union), 1-866-519-0433 (Vigo) oswa 1-800-515-5505 (Orlandi Valuta). SI OU PA CHWAZI POU PA PATISIPE, OU PRAL RENONSE AK NENPÒT DWA POU YON JIJMAN DEVAN YON JIRI OSWA YON JIJ NAN TRIBINAL AK NENPÒT DWA POU PATISIPE NAN YON AKSYON KOLEKTIF.

5. LIMIT RESPONSABLITE: NAN OKENN KA WESTERN UNION PA RESPONSAB DOMAJ, KIT SE NEGLIJANS ANPLWAYE, FOUWISÈ OSWA AJAN LI YO OSWA YON LÒT FASON, POU MONTAN KI PLIS PASE $500 (anplis ranbousman montan tranzaksyon an ak frè transfè a epi eksepte jan sa prevwa nan Kòd Finansye Kalifòni § 2102(c)), SOF SI OU JWENN YON LIMIT RESPONSABLITE KI PI WO LÈ W RELE NIMERO SÈVIS KLIYAN KI ANWO A EPI PEYE YON FRÈ ADISYONÈL. NAN OKENN KA WESTERN UNION OSWA AJAN LI YO PA RESPONSAB POU OKENN DOMAJ ENDIRÈK, ESPESYAL, AKSIDANTÈL, ENDIRÈK, EGZANPLÈ OSWA PINITIF, OSWA KI SANBLE AK SA YO.

6. ECHANJ LAJAN, SÈVIS ENTÈNASYONAL: Anplis frè transfè ki aplikab pou tranzaksyon sa a, y ap aplike yon to chanj deviz. Yo konvèti deviz ameriken nan deviz etranje nan yon to chanj Western Union fikse, eksepte si lwa Anplasman Vèsman ki Prevwa yo pa otorize Western Union fikse yon to chanj. Western Union ap kenbe nenpòt diferans ki genyen ant to yo te ba Ou an ak to Western Union te resevwa a (epi nan kèk ka, Ajan li yo) anplis frè pou transfè yo. Selon lwa ki aplikab la, to chanj reyèl oswa estime ki aplikab pou tranzaksyon Ou an k ap make nan deklarasyon alekri ke Western Union ap ba Ou a nan kad tranzaksyon ou a. Vèsman yo anjeneral ap fèt nan deviz nasyonal Anplasman Vèsman ki Prevwa a (“Deviz Lokal”) la. Nan kèk peyi, Ou gendwa deziyen yon deviz pou pèman an ki pa Deviz Lokal la; sepandan, deviz altènatif Ou chwazi a gendwa pa disponib nan tout lokalizasyon Ajan yo. Western Union pa responsab to chanj deviz yo ap aplike a si Destinatè a chwazi pou li resevwa yon deviz ki pa deviz Ou te chwazi a.

7. VERIFIKASYON IDANTITE AK ANPLASMAN: OU OTORIZE WESTERN UNION POU MANDE OPERATÈ MOBIL OU A POU ITILIZE DETAY ABÒNE MOBIL OU A POU VERIFYE IDANTITE OU A. DETAY SA YO GENDWA GEN LADAN NON, ADRÈS FAKTIRASYON, IMÈL, AK NIMEWO TELEFÒN. ENFÒMASYON SA YO KAPAB GEN LADAN TOU ENFÒMASYON SOU LOKALIZASYON, SI LI DISPONIB.

8. ITILIZE YON KONT: Kote sa disponib, Western Union gendwa pèmèt ou voye lajan apati oswa sou yon kat bank, prepeye oswa kredi, yon bous elektwonik, yon moun ki voye fakti, oswa yon kont menm jan an (kolektivman, “Kont”). Bank lan oswa lòt founisè yon Kont (“Founisè Kont” lan) gendwa enpoze frè adisyonèl sou yon Kont. Akò ki fèt ak Founisè Kont lan jere itilizasyon Kont lan epi li bay dwa ak responsablite moun ki gen yon Kont. Sof si lalwa aplikab la egzije sa, Western Union p ap aksepte okenn responsablite pou Ou ni pou okenn pwopriyetè Kont, pou kèlkeswa frè yon Founisè Kont enpoze. Si deviz Ou chwazi pou yon tranzaksyon se pa deviz yo libele Kont lan, founisè Kont lan gendwa konvèti fon an dapre pwòp to chanj pou deviz li a oswa rejte transfè a. Sèvis Kont yo se pou itilizasyon pèsonèl oswa endividyèl sèlman epi yo pa pou itilize bò kote oswa nan non okenn biznis oswa antite legal. Western Union gendwa itilize rezo Automated Clearing House (“ACH”) la, transfè kontab, transfè fon elektwonik, transfè labank oswa lòt metòd pou trete tranzaksyon ki gen rapò ak yon Kont. Western Union pa responsab pou aksyon yon Founisè Kont pran, tankou lè yon tranzaksyon mal anrejistre.

A. AVI ENPÒTAN POU ITILIZASYON KONT YO: ASIRE W NIMEWO KONT LAN, DETAY SOU FOUNISÈ KONT LAN, AK DEVIZ OU CHWAZI A KÒRÈK ANVAN OU VOYE L. SI NIMEWO KONT LAN OSWA DETAY SOU FOUNISÈ KONT LAN PA KÒRÈK, YO GENDWA DEBITE OSWA KREDITE LAJAN AN POU AL SOU MOVE KONT LAN EPI YO GENDWA PA KA REJWENN LI.

Western Union gendwa konte sou enfòmasyon Ou bay yo epi li gendwa konte sèlman sou nimewo Kont ak nimewo idantifikasyon Ou bay yo pou idantifye yon Kont ak/oswa yon Founisè Kont, kit Ou bay non moun ki gen Kont lan oswa non Founisè Kont lan tou ou pa.

B. TRANSFÈ SOU KONT: Akò ant destinatè a ak Founisè Kont lan reji dwa, responsablite ak frè Destinatè a (ansanm ak frè pou transfere lajan kach andeyò yon Kont), epi Founisè Kont lan gendwa enpoze pwòp restriksyon li yo konsènan disponibilite fon yo, limit ki gendwa transfere oswa kenbe nan yon Kont, orè fonksyonnman yo, jou ferye ansanm ak lòt limit. Nan pifò ka yo, Destinatè a dwe enskri nan pwogram Kont lan pou resevwa yon transfè konsa. Yon Destinatè ki pa enskri nan pwogram Kont lan gendwa kapab resevwa fon yo nan yon lokalizasyon Ajan epi li gendwa oblije respekte plis egzijans toujou. Western Union gendwa fè lajan apati frè ki asosye avèk itilizasyon Kont yo.

C. TRANSFÈ SOU KONT YO: Lè w kòmanse yon tranzaksyon apati yon Kont (yon “Tranzaksyon yon Kont Finanse”), Ou (i) afime Ou se pwopriyetè Kont lan epi ou gen otorite pou lanse tranzaksyon an epi (ii) otorize Western Union pou lanse debi ak kredi elektwonik sou Kont ou pou trete epi korije erè oswa si yon tranzaksyon pa ka finalize. Lalwa pèmèt Western Union responsab pou domaj ki koze si li pa debite Kont ou dapre tèm ak kondisyon sa yo, nan montan ki kòrèk la oswa nan yon tan ki apwopriye lè ou ba li enstriksyon kòrèkteman pou fè sa. Sepandan, Western Union p ap responsab kote: (1) Ou pa gen ase lajan disponib sou Kont ou; (2) Kont ou fèmen oswa retrè yo limite; (3) tranzaksyon an depase limit nan dola oswa frekans Western Union oswa Founisè Kont ou a enpoze yo; (4) sikonstans ki pa sou kontwòl Western Union (tankou inondasyon, dife, pann kouran, pann mekanik oswa sistèm); (5) Founisè Kont ou a pa onore yon tranzaksyon, Founisè Kont ou a retounen tranzaksyon an; (6) Enstriksyon ou yo pèdi oswa yo retade nan transmisyon bay Western Union; (7) Western Union pa rive trete tranzaksyon ou an akoz yon pwoblèm sekirite rezonab oswa opsyon Sèvis la kanpe oswa sispann, oswa Western Union sinon avize ou demann ou an p ap trete; ak (8) lòt eksepsyon lalwa pèmèt.

D. ITILIZE QUICK COLLECT AK WUPAY UNIONPAY: Kote sa disponib, ou gendwa (i) finanse yon tranzaksyon bay yon moun ki fè fakti apati Sèvis Western UnionPay Western Union lan, depi Western Union resevwa fon yo nan men Founisè Kont Ou a ak/oswa (ii) voye yon pèman Quick Collect bay yon moun ki fè fakti a, depi Western Union resevwa otorizasyon nan men Founisè Kont Ou a. Western Union pa afilye ak okenn moun ki fè fakti Quick Collect oubyen Western UnionPay epi li p ap gen okenn responsablite ki gen rapò ak machandiz oubyen sèvis ou kòmande oubyen resevwa nan men moun ki fè fakti a. Eksepte si lalwa egzije sa, Western Union pa gen okenn responsablite pou aksyon malonèt, neglijans oswa erè moun ki voye fakti a oswa dèske li pa rive ba ou kredi byen oswa alè pou fon ou voye ba li atravè Western Union.

9. ITILIZASYON SIT ENTÈNÈT WESTERN UNION LAN, SÈVIS APARÈY MOBIL AK TABLÈT

A. SÈVIS KI BAZE SOU ANPLASMAN: Ou rekonèt epi ou otorize enfòmasyon konsènan kote aparèy mobil ou a ye a gendwa itilize pou evalye kote ou ye a. Yo gendwa jwenn kote a nenpòt ki lè pandan w konekte sou sit entènèt sa a. Yo p ap divilge enfòmasyon sou kote a bay lòt moun. Ou dakò yon fason ekspre ou otorize Western Union pou kolekte epi itilize anplasman ou nan kad sit entènèt Western Union lan epi nan kad kalifikasyon pou itilize sit entènèt la.

B. PWOPRIYETE ENTÈLEKTYÈL Sit entènèt Western Union lan, sit ak aplikasyon pou aparèy mobil ak tablèt yo (kolektivman, “Sit entènèt” la), Sèvis la, kontni an, ak tout pwopriyete entèlektyèl ki ladan l (ki gen ladan l men ki pa limite ak otè, patant, dwa sou baz done, mak komèsyal ak mak sèvis) se pwopriyete Western Union oswa tyès pati, epi tout dwa, tit ak enterè ladan l epi ki gen rapò sa yo ap rete pwopriyete Western Union ak/oswa tyès pati sa yo. Ou gendwa itilize Sit entènèt la ak Sèvis la sèlman pou rezon ki otorize nan Tèm ak Kondisyon sa yo. Ou kapab revize epi konsève yon kopi paj Sitwèb la sèlman pou pwòp itilizasyon pèsonèl Ou yo, itilizasyon non-komèsyal. Ou pa kapab diplike, pibliye, modifye, kreye travay apati yo, patisipe nan transfè, piblikasyon sou Entènèt la, oswa nan okenn fason distribye ni eksplwate Sitwèb la, Sèvis la oswa nenpòt pati ladan pou okenn itilizasyon piblik oswa komèsyal san konsantman alekri Western Union. Ou pa dwe (i) itilize okenn wobo, lojisyèl espyon, zouti pou ekstrè enfòmasyon oswa lòt aparèy otorize pou jwenn aksè nan Sitwèb la oswa nan Sèvis la; oswa (ii) retire oswa modifye okenn otè, mak komèsyal oswa lòt avi pwopriyetè oswa lejann ki afiche sou Sitwèb la (oswa paj dokiman sa yo ki enprime). Non Western Union lan ansanm ak lòt non ak endis pwopriyetè Sèvis la se mak esklizif Western Union oswa lòt tyès pati. Lòt pwodwi, sèvis ak non antrepriz ki afiche sou Sitwèb la kapab komèsyal pwopriyetè yo.

C. LYEN POU AL SOU LÒT SIT: Sit entènèt la gendwa genyen lyen ak endikasyon ki mennen sou lòt sit ak resous Entènèt World Wide Web (“Sit ki gen lyen yo”). Lyen ki mennen nan nenpòt Sit ki Gen lyen ki pa ni yon apwobasyon ni yon asosyasyon bò kote Western Union ak konpayi afilye li yo. Lyen yo pa enplike ke Western Union asosye avèk oswa legalman otorize pou itilize okenn mak komèsyal, non komèsyal, logo oswa senbòl otè ki afiche oswa ki aksesib atravè lyen yo, oswa ke nenpòt Sit ki Gen lyen yo otorize pou itilize okenn mak komèsyal, non komèsyal, logo oswa senbòl otè Western Union oswa nenpòt nan afilye li yo. Ou ta dwe adrese nenpòt enkyetid konsènan nenpòt Sit ki Gen Lyen ak administratè sit oswa jesyonè Sit ki Gen lyen sa a. Western Union pa reprezante ni sipòte presizyon oswa fyabilite, epi li demanti nan yon fason ekspre tout konsèy, opinyon, deklarasyon oswa lòt enfòmasyon ki parèt oswa distribye atravè nenpòt Sit ki Gen Lyen. Ou dakò ke konfyans ou mete nan nenpòt opinyon, konsèy oswa enfòmasyon ki afiche oswa yon lòt fason ki disponib pa mwayen nenpòt Sit ki Gen Lyen yo pral sou risk Ou sèlman.

D. VERIFIKASYON IDANTITE: Ou rekonèt konpayi telefòn mobil ou agendwa pataje detay sou abòne mobil ou a ak Western Union pou verifikasyon idantite. Detay sa yo gendwa gen ladan non, adrès faktirasyon, imèl, ak nimewo telefòn.

10. POLITIK WESTERN UNION SOU KONFIDANSYALITE: Western Union gendwa divilge enfòmasyon pèsonèl ou bay tyès pati jan sa esplike nan Deklarasyon Konfidansyalite Western Union lan (Wester Union); pou jwenn yon kopi, mande Ajan ou a, vizite www.westernunion.com (Wester Union), Vigo Privacy Statement (Vigo) oswa Orlandi Valuta Privacy Statement (Orlandi Valuta); oswa rele 1-800-562-2598 (Wester Union), 1-866-519-0433 (Vigo) oswa 1-800-515-5505 (Orlandi Valuta). Enfòmasyon yo divilge yo gendwa gen ladan yo antesedan finansye ou, enfòmasyon kontak ou, idantifikasyon ou, enfòmasyon sou tranzaksyon ou yo avèk nou ak lòt enfòmasyon ki gen rapò ak zafè finansye. Benefisyè yo gendwa gen ladan yo enstitisyon finansye, detayan, founisè sèvis nou yo, ajans leta ak espesyalis maketing dirèk. Ou gendwa mande nou pou limite kèk divilgasyon enfòmasyon Ou yo bay kèk nan pati sa yo. Chwa ou pou limite kèk divilgasyon ap aplike jiskaske ou di nou chanje chwa ou a oswa jiskaske nou efase done ou yo nan sistèm nou yo. Pou limite divilgasyon enfòmasyon ou yo (pou chwazi pou pa patisipe), rele 1-800-562-2598 (Wester Union), 1-866-519-0433 (Vigo) oswa 1-800-515-5505 (Orlandi Valuta).

11. JENERAL: Akò sa a, ansanm ak tout atik referans lan entegre ladan l, reprezante tout antant ki genyen ant pati yo. Li ranplase tout lòt antant anvan yo epi yo pa kapab modifye li nan bouch. Dapre lalwa ki aplikab la, Western Union gendwa transfere Akò sa a bay yon tyès pati san konsantman Ou. Akò sa a se lwa Kolorado ki reji li, san okenn konsiderasyon konsènan konfli règleman lwa yo. Si yo jwenn yon dispozisyon nan akò a ki pa valab, tout rès atik yo ap rete valab. Sèvis yo se pou moun ki gen omwen 18 lane sèlman oswa plis. Vèsyon ki nan lang Anglè Kontra a gen priyorite si gen yon enkonsistans ant vèsyon Anglè ak vèsyon ki pa nan lang Anglè a. Ou menm ak Destinatè a deklare itilizasyon Sèvis yo pa vyole Akò sa a oswa tout lwa, ki gen ladan l, san limit, lwa ki gen rapò ak blanchi lajan, aktivite jwètilegal, soutyen pou aktivite teworis oswa fwod. Enfòmasyon Ou bay Western Union yo dwe kòrèk epi konplè. Ou dwe endèmnize Western Union ak Ajan li yo pou tout pèt kèlkeswa nati li (ansanm ak frè pou avoka yo) ki rive akòz Ou menm oswa Destinatè pa te respekte Akò a. Western Union rezève l dwa pou l modifye Sèvis yo nenpòt lè, san li pa bay preyavi. Western Union ak Ajan li yo gendwa refize bay nenpòt moun Sèvis.