Tèm ak Kondisyon Abònman yo

Western Union®

P.O. Box 6036, Englewood, CO USA 80155

Pou sèvis kliyantèl nan telefòn, tanpri rele:

1-800-325-6000 (Anglè) Tèm ak Kondisyon Abònman Westernunion.com

ABÒNMAN WESTERN UNION WESTERNUNION.COM (“ABÒNMAN AN”) AK KÒD PWOMOSYONÈL KI ASOSYE AK YO (“KÒD ABÒNMAN AN”) YO BAY ANBA KONDISYON AK TÈM SA YO (“T&C yo”) AK LALWA KI APLIKAB LA. Western Union Financial Services, Inc., yon sosyete nan Kolorado (ansanm ak afilye ak ajan li yo, “Western Union”) distribye abònman an. Western Union rezève l dwa pou l chanje Tèm ak Kondisyon sa yo detanzantan jan li vle.

TRANZAKSYON RABÈ SOU FRÈ TRANSFÈ: Kliyan ki enskri pou plan abònman an resevwa yon rabè ki koresponn ak plan abònman yo chwazi a sou chak transfè yo voye pandan peryòd abònman an. San yo pa enskri pou Abònman an, kliyan yo peye Western Union yon frè pou chak transfè lajan nan frè ki anvigè nan moman sa a (“Frè Transfè” a). Lè w itilize yon Kòd Pwomosyonèl, y ap ba w Frè Transfè ki aplikab pou tranzaksyon w lan lè w ap konfigire tranzaksyon an, epi dirèkteman anba Frè Transfè a, y ap ba w yon rabè ki egal ak montan an dapre plan abònman ou te chwazi pandan enskripsyon an, sa ki ap lakòz yon tranzaksyon ak yon rabè sou Frè Transfè a. Nan kèk ka, ou gendwa ajoute lòt sèvis pou yon frè adisyonèl.

Western Union fè lajan tou nanchanj deviz. Lè w ap chwazi yon sosyete transfè lajan, pran san w pou konpare avèk atansyon ni frè transfè a ak to chanj yo.

TRANSFÈ KI KALIFYE: Rabè sou frè abònman an valab sèlman pou tranzaksyon Western Union Money Transfer® ak Western Union® Quick Collect® ki fèt sou westernunion.com (“Sèvis”) pa yon kliyan patisipan ki gen yon Kòd Pwomosyonèl valid. Kote transfè an fèt la dwe Etazini, apati nenpòt nan metòd pèman westernunion.com otorize yo. Biwo pou resevwa lajan an kapab nenpòt biwo westernunion.com voye lajan an apati nenpòt nan metòd vèsman westernunion.com otorize yo. Ou ka voye nenpòt montan jiska $2,999 nan kad Plan Abònman an. Plan Abònman an pa mete limit sou kantite oswa frekans tranzaksyon kliyan patisipan an ka voye, sepandan Western Union rezève l dwa pou l limite frekans ak kantite tranzaksyon yo dapre politik li yo ak/oswa lalwa ki aplikab yo. Sèvis yo pa gen ladan yo tout Sèvis Prepeye, Pèman Pratik, ak tranzaksyon Western Union Money Transfer® @ ATM. Rabè plan abònman an pa aplike sou okenn frè pou chanje dola an deviz etranje. Tanpri https://www.westernunion.com/us/ht/legal/terms-conditions.html pou plis tèm ak kondisyon ki aplike ak sèvis Western Union Money Transfer® a.

Western Union rezève l dwa pou l ofri rabè pwomosyonèl ki pa ka konbine ak rediksyon sou Abònman yo. Ou dwe peye tout taks ki aplikab sou Frè Transfè yo.

PÈMAN: Kòm konsiderasyon pou Abònman an, ou dakò pou peye Western Union yon frè pou abònman an menm. Ou ka peye avèk kont bank ou, yon kat debi oswa kredi, oubyen Wester Union Pay. Y ap voye yon fakti pou frè abònman an nan espas 30 jou apre enskripsyon an, epi w ap blije peye frè a lè w resevwa fakti a. Pou peye bòdwo ak Wester Union Pay, ou dwe bay bank ou enstriksyon pou l peye Wester Union Pay apati fonksyonalite pèman fakti sou entènèt bank ou a ak enstriksyon pèman yo bay sou sit entènèt Wester Union Pay la. Anjeneral, Western Union resevwa fon apati kont bank ou nan espas 1-3 jou apre ou fin otorize bank ou a pou peye Wester Union Pay. Si Western Union pa resevwa fon apati kont bank ou a, tranzaksyon an p ap trete epi pri Abònman an p ap disponib pou ou. Bank ou an gendwa fè w peye yon frè pou sèvis pèman fakti a. Akò ou genyen ak bank ou an dirije fason yo itilize kont bank ou, epi ou dwe al gade nan akò sa a pou w ka konnen dwa ak responsablite ou antanke moun ki gen yon kont. Pou chak transfè ki fèt pandan peryòd abònman an, ou ap peye frè ki aplikab la selon montan lajan ki te voye a, ak metòd pèman ki te itilize a. Tèm ak kondisyon estanda Westernunion.com yo pou transfè lajan sou entènèt aplike.

DAT EKSPIRASYON: Pou patisipe, ou dwe enskri pou yon plan abònman anvan 30 septanm, epi peryòd abònman an ap fini 31 desanm 2014. Yon kantite limite abònman disponib pou achte.

RANBOUSMAN AK ANILASYON: Si ou deside anile abònman ou an, Western Union ap bloke Kòd Pwomosyonèl ou a epi li ap retire frè abònman an. Si yo refize w kapasite pou itilize Sèvis la, y ap ranbouse w pou nenpòt pòsyon abònman an ki te peye epi ki pa itilize. Pou jwenn yon ranbousman pou nenpòt pòsyon abònman ki te peye epi ki pa itilize, kontakte Sèvis Kliyan Western Union lan. Y ap bay ranbousman ki kalifye yo nan espas 45 jou apre yo resevwa demann alekri valid Ou a.

KÒD ABÒNMAN KI PÈDI OSWA YO VÒLÈ: Si ou sispèk yon moun kopye oswa vòlè kòd Abònman ou a, kontakte Sèvis Kliyan Western Union lan imedyatman. Yo p ap ranplase kòd abònman yo si yo pèdi oswa yo vòlè yo san imèl konfimasyon achtè a kòm prèv acha. Si ou bay prèv acha ki apwopriye a, yo ka ba ou yon nouvo Kòd Pwomosyonèl.

LIMIT: Ou pa ka rechaje, revann, echanje, transfere oswa itilize Kòd Pwomosyonèl yo pou lajan kach epi yo pa valab si yo revann oswa transfere. Nou transfere pwopriyete ak risk pou pèdi kòd pwomosyonèl ou a ba ou menm kote nou voye kòd pwomosyonèl an ba ou. Nou pa responsab Kòd Promo ki pèdi oswa yo vòlè. Ou pa ka pataje, rechaje, revann, echanje, transfere oswa itilize òf Abònman an pou lajan kach. Si Abone a pa moun ki te sipoze resevwa òf la, Western Union ap anile òf la epi yo p ap ba li okenn Kòd Pwomosyonèl.

ENFÒMASYON SOU LIVREZON AK EGZIJANS POU MOUN KI ACHTE ABÒNMAN YO: Kòmand abònman yo gendwa pliye anba politik Western Union yo konsènan verifikasyon moun ki achte a. Si gen yon diferans, yo gendwa anile kòmand ou a. Si ou pa resevwa Kòd Pwomosyonèl ou a, tanpri kontakte sèvis kliyan Western Union lan. Tanpri bay nimewo kòmand ou a oswa adrès imèl ou. Western Union pa responsab Kòd Pwomosyonèl ki pa ka livre oswa ki pa resevwa akoz ou pa te antre adrès imèl ou kòrèkteman. Tanpri verifye pou asire w adrès imèl ou a kòrèk. Si nou resevwa yon imèl ki retounen jwenn nou akòz yon adrès imèl ki pa kòrèk, nou gendwa eseye kontakte w pou jwenn yon adrès imèl ki valid.

Si ou te konfime adrès imèl ou a, men ou pa resevwa Kòd Pwomosyonèl a nan yon peryòd rezonab apre acha a, men kèk rezon komen poukisa livrezon an gendwa echwe: (a) filtè anti kourye ki pa dezirab la te bloke imèl oswa te voye yo nan yon dosye endezirab/kourye ki pa dezirab, (b) “firewall” achtè a te bloke imèl la, (c) bwat resepsyon imèl la depase limit gwosè a, epi (d) adrès imèl ki pa valid. Si yon filtè anti kourye endezirab ap bloke imèl [_______________@Westernunion.com] yo pou yo pa rive nan yon bwat resepsyon, ou dwe modifye opsyon imèl yo pou imèl [_______________@Westernunion.com] yo pa konsidere kòm kourye endezirab. Si ou bezwen plis asistans, kontakte Sèvis Kliyan Western Union lan.

RENONSASYON/ENTÈDIKSYON REKLAMASYON AKSYON KOLEKTIF: Tout aksyon oswa reklamasyon jiridik ki rive akoz oswa ki asosye ak yon Abònman (“Reklamasyon”) dwe fèt nan kad endividyèl sèlman. Okenn pati pa dwe pouswiv yon Reklamasyon kòm yon reprezantan yon gwoup, yon manm nan yon gwoup oswa nan kad yon aksyon reprezantan kolektif nenpòt kalite a. Nan espas 72 èdtan apre ou fin kòmanse yon tranzaksyon, ou gendwa chwazi pou pa patisipe nan dispozisyon sa a lè w rele 1-800-325-6000 epi bay kèk enfòmasyon, tankou non w ak adrès imèl ou.

LIMIT RESPONSABLITE: NAN OKENN KA WESTERN UNION PA RESPONSAB POU DOMAJ KIT SE NEGLIJANS ANPLWAYE LI YO, FOUNISÈ LI YO OSWA AJAN LI YO OSWA LÒT FÒM, KI PI WO PASE SÒM $500, SOF SI OU JWENN YON LIMIT RESPONSABLITE KI PI WO LÈ W RELE NIMEWO TELEFÒN SÈVIS KLIYAN KI ANBA A EPI PEYE YON FRÈ ADISYONÈL POU SA. NAN OKENN KA WESTERN UNION OSWA AJAN LI YO PA RESPONSAB POU OKENN DOMAJ ENDIRÈK, ESPESYAL, AKSIDANTÈL, ENDIRÈK, EGZANPLÈ OSWA PINITIF, OSWA KI SANBLE AK SA YO.

ENDAMNIZASYON: Ou dakò pou dedomaje, defann epi retire tout responsablite pou Western Union, ak tout responsab, direktè, pwopriyetè, ajan, anplwaye, afilye, moun ki bay lisans, moun ki gen lisans ak founisè sèvis tyès pati li yo (kolektivman, “Pati ki Endèmnize yo”) kont nenpòt ak tout pèt, domaj, responsablite, ak reklamasyon ak tout frè, depans, nenpòt kalite ki gen rapò ak sa (ki gen ladan l, san limit, frè rezonab pou avoka yo) Pati ki Endèmnize yo fè nan koneksyon avèk nenpòt reklamasyon ki rive akoz, ki baze sou oswa ki soti nan (i) Aksè ou ak/oswa itilizasyon sit entènèt Western Union lan oswa kòd Abònman yo, ki gen ladan yo, san limit, Sèvis yo; ak/oswa (ii) Vyolasyon ou fè ak Tèm ak Kondisyon sa yo. Western Union rezève l dwa a, nan pwòp frè li, pou l pran defans ak kontwòl esklizif nenpòt pwoblèm yon lòt moun apa Ou menm oswa Western Union prezante, ki ka resevwa endèmnizasyon nan men Ou. Ou pa dwe nan okenn ka rezoud okenn pwoblèm konsa san konsantman ekri Western Union.

POLITIK SOU KONFIDANSYALITE YO: Western Union gendwa divilge enfòmasyon pèsonèl ou bay tyès pati jan sa eksplike nan Deklarasyon Konfidansyalite Western Union lan; pou jwenn yon kopi, mande Ajan Western Union ou a, vizite www.westernunion.com, oswa rele 1-800-562-2598. Enfòmasyon yo divilge yo gendwa gen ladan yo antesedan finansye ou, enfòmasyon kontak ou, idantifikasyon ou, enfòmasyon sou tranzaksyon ou yo avèk nou ak lòt enfòmasyon ki gen rapò ak zafè finansye. Benefisyè yo gendwa gen ladan yo enstitisyon finansye, detayan, founisè sèvis nou yo, ajans leta ak espesyalis maketing dirèk. Ou gendwa mande nou pou limite kèk divilgasyon enfòmasyon ou yo bay kèk nan pati sa yo. Chwa ou pou limite kèk divilgasyon ap aplike jiskaske ou di nou chanje chwa ou a oswa jiskaske nou efase done ou yo nan sistèm nou yo. Pou limite divilgasyon enfòmasyon ou yo (pou chwazi pou pa patisipe), rele 1-800-562-2598.

POLITIK SOU DOSYE ELEKTWONIK: Western Union gendwa ba ou enfòmasyon elektwonikman. Anvan ou itilize sèvis elektwonik ak sèvis ki asosye Western Union bay (“Sèvis”), ou dwe li epi bay konsantman ou ak règleman Deklarasyon Konfidansyalite Western Union lan ansanm ak Avi sou Divilgasyon ak Konsantman pou Siyati Elektwonik lan. Si ou chwazi pou pa dakò ak Règleman sa a oswa ou retire Konsantman ou, ou p ap ka itilize Sèvis nou yo. Konsantman w nan Règleman sa a gendwa aplike tou pou pwodwi oswa sèvis ki afilye nou yo dapre sèl diskresyon afilye nou yo. Lè w sèvi ak Sèvis nou yo, ou dakò ak règleman sa a epi ou afime ou gen aksè ak egzijans pyès ki nan òdinatè ak lojisyèl ki idantifye nan Règleman an lan. Pou retire konsantman ou pou resevwa dosye elektwonik, rele 1-800-562-2598.

JENERAL: Kondisyon ak Politik sa yo, ansanm ak tout eleman ki entegre pa referans, reprezante tout antant ant pati yo konsènan Abònman an epi ranplase tout antant anvan yo konsènan Abònman an. Western Union gen dwa pou l afekte T&C sa yo bay nenpòt pati, nenpòt kilè, san li pa bezwen otorizasyon Ou. T&C sa yo se lwa Kolorado ki reji yo, san okenn konsiderasyon konsènan konfli règleman lwa yo. Si yo jwenn yon dispozisyon nan akò a ki pa valab, tout rès atik yo ap rete valab. Enskri pou Frè Abònman an epi Tèm ak Kondisyon sa yo adrese sèlman ak moun ki gen 18 lane oswa plis. Vèsyon ki nan lang Anglè Kontra a gen priyorite si gen yon enkonsistans ant vèsyon Anglè ak vèsyon ki pa nan lang Anglè a. Ou deklare itilizasyon ou fè ak kòd Abònman an pa vyole: (a) okenn lwa, sa ki gen ladan, san limit, lwa ki gen pou wè ak blanchiman lajan, aktivite jwètilegal, soutyen pou aktivite teworis oubyen fwòd; epi/oswa (b) tèm ak kondisyon sa yo. Enfòmasyon yo bay Western Union dwe kòrèk epi konplè. Ou dwe endèmnize Western Union ak Ajan li yo pou tout pèt kèlkeswa kalite a (ki gen ladan yo men ki pa limite ak frè pou avoka yo) ki rive akòz Ou pa te respekte T&C sa yo. Western Union rezève l dwa pou chanje plan Abònman an ak/oswa Sèvis yo san avètisman. Western Union ak Ajan li yo gendwa refize bay nenpòt moun Sèvis.

DEMANN AK KOMANTÈ KLIYAN YO:

Pou kesyon oswa kòmantè kliyan yo, tanpri ekri nan:
WESTERN UNION HOLDINGS, INC.
P.O. Box 6036, Englewood, CO or 1-800-325-4045 (Panyòl)

Tanpri kontakte Sèvis Kliyan Western Union si ou gen nenpòt kòmantè, kesyon oswa enkyetid konsènan Plan Abònman ou an. Prepare w pou bay nimewo kòmand ou a oswa adrès imèl ou.