SÈVIS TRANSFÈ LAJAN AN DETAY (“Sèvis”) WESTERN UNION FINANCIAL SERVICES, INC. OFRI (“WESTERN UNION” OSWA “NOU”) EPI LI PLIYE ANBA TÈM AK KONDISYON SA YO AK LALWA KI APLIKAB YO. Ou gendwa jwenn plis enfòmasyon konsènan Sèvis yo nan www.westernunion.com. Chak pèman fakti ki fèt atravè Sèvis la se yon transfè lajan Western Union (“Pèman”) fè nan non ou, ekspeditè transfè lajan sa a (“Ou menm” oswa “Pa ou”). Tipikman, destinatè Pman w lan (“Destinatè a”) ap poste Pèman w lan sou kont ou nan de (2) jou ouvrab apre nou fin trete li. Montan ki debite sou kat kredi w la oswa ki retire sou kont ou a (ki nan lis anwo a kòm “Montan Pèman Total”) gen ladan l montan Pèman w te fè bay Destinatè a ak Frè Transfè Western Union lan. Bank ou oswa konpayi ki bay kat bank ou a gendwa aplike frè oswa depans ki gen rapò ak Pèman an tou. Western Union pa enplike nan administrasyon oswa rekouvreman kont ou a ak Destinatè a, ni Western Union pa enplike oswa asosye ak machandiz ak/oswa sèvis Destinatè a bay yo. Si ou gen nenpòt kesyon konsènan Pèman ou an, oswa si ou vle fè koreksyon nan enfòmasyon ki nan lis anwo a, tanpri kontakte Western Union nan adrès oswa nimewo telefòn ki nan lis anba a.
Anilasyon ak Ranbousman: Eksepte si lalwa egzije sa, ou pa gendwa anile yon Pèman yon fwa yo fin retire lajan sou kat kredi w la oswa retire lajan sou kont bank ou a. Eksepte si lalwa egzije sa, pa gen okenn ranbousman pou pèman an oswa Frè Transfè Western Union ki disponib apre yo fin retire lajan sou kat kredi ou oswa kont bank ou a.
Dispozisyon sa a aplike sèlman pou tranzaksyon pèman ki soti Kalifòni: DWA POU RANBOUSMAN: “Ou menm”, kliyan an, gen dwa pou jwenn yon ranbousman lajan ki dwe transmèt la dapre akò sa a si Western Union pa voye lajan li resevwa nan men Ou an nan espas 10 jou apati dat resepsyon li, oswa li pa bay enstriksyon ki angaje yon montan lajan ekivalan bay moun Ou deziyen an nan espas 10 jou apati dat resepsyon fon yo nan men Ou, sòf si Ou di pou yo fè l yon lòt fason. Si enstriksyon Ou yo konsène dat yo dwe transfere oswa transmèt lajan yo pa respekte epi yo poko transfere oswa transmèt lajan an, Ou gen dwa ak yon ranbousman pou lajan Ou an. Si Ou vle yon ranbousman, Ou dwe voye nan lapòs oswa remèt demann ekri Ou a nan Western Union nan PO Box 6036, Englewood, CO 80155. Si Ou pa resevwa ranbousman Ou a, Ou gendwa rejwenn lajan w plis yon penalite jiska $1,000 ak frè avoka dapre Seksyon 2102 Kòd Finansye Kalifòni.
LIMIT RESPONSABLITE: NAN TOUT MEZI LWA APLIKAB LA OTORIZE L: (1) NAN OKENN KA WESTERN UNION P AP RESPONSAB DOMAJ KIT LI KOZE AKOZ NEGLIJANS ANPLWAYE, FOUNISÈ OSWA AJAN LI YO OSWA YON LÒT FASON POU MONTAN KI PLIS PASE 500$ (anplis ranbousman montan Pèman an ak frè transfè a epi eksepte jan sa endike nan Kòd Finansye Kalifòni § 2102(c)); EPI (2) NAN OKENN KA WESTERN UNION OSWA AJAN LI YO P AP RESPONSAB OKENN DOMAJ ENDIRÈK, ESPESYAL, AKSIDANTÈL, KONSEKITIF, EGZANPLÈ OSWA PINITIF, OSWA SANBLAB.
WESTERN UNION AP RESPONSAB POU LI AJI SÈLMAN SOU ENSTRIKSYON KI TRANSMÈT KÒMSADWA SOU SIT ENTÈNÈT SA A EPI WESTERN UNION RESEVWA YO REYÈlMAN, EPI LI PA PRAN OKENN RESPONSABLITE POU MOVE FONKSYONNMAN NAN ENFRASTRIKTI KOMINIKASYON KI PA SOU KONTWÒL LI KI GENDWA AFEKTE PREZISYON OSWA AKTYALITE TRANSMISYON SA YO. WESTERN UNION PA RESPONSAB OKENN PÈT OSWA RETA NAN TRANSMISYON ENSTRIKSYON KI SOTI BÒ KOTE ITILIZASYON YON FOUNISÈ SÈVIS AKSÈ ENTÈNÈT OSWA YON NAVIGATÈ OSWA LÒT LOJISYÈL OSWA LÒT SIKONSTANS KI PA SOU KONTWÒL LI LAKOZ. WESTERN UNION PA RESPONSAB SI OU BAY ENFÒMASYON KI PA KÒRÈK OSWA SI YO PA BAY ENSTRIKSYON PÈMAN OU YO ASE ALAVANS POU PÈMÈT YO FOUNI SÈVIS OU TE MANDE YO ALÈ.
APA AKÒ NOU AK DESTINATÈ A POU BA OU AKSÈ AK SÈVIS WESTERN UNION LAN, WESTERN UNION PA AFILYE AK DESTINATÈ A EPI LI PA GARANTI DESTINATÈ A AP AKSEPTE OKENN PÈMAN OU VOYE BAY DESTINATÈ A OSWA DESTINATÈ A AP KREDITE OU KÒMSADWA. WESTERN UNION PA P GEN OKENN RESPONSABLITE OBLIGASYON DESTINATÈ A PARAPÒ AK OU. OU DAKÒ WESTERN UNION PA P GEN OKENN RESPONSABLITE MOVE AKSYON, NEGLIJANS OSWA ERÈ DESTINATÈ A (OSWA AJAN DESTINATÈ A), KI GEN LADAN L ENKAPASITE POU POSTE PÈMAN OU A KÒMSADWA. WESTERN UNION PA PATISIPE NAN REKOUVREMAN DÈT OU A.
Si pa gen ase fon sou kont bank ou a, oubyen si Western Union pa resevwa otorizasyon nan men konpayi ki bay kat bank lan oubyen otorizasyon nan men ou pou debite kont bank ou atravè ACH, yo p ap trete Pèman an epi yo p ap transmèt fon an bay Destinatè a. Western Union pa pran okenn obligasyon pou voye transfè lajan an oswa pou finalize Pèman ki aplikab la si Western Union pa resevwa otorizasyon nan men konpayi kat bank lan, enstitisyon finansye ki asosye avèk kont bank ou oswa kat ATM/debi ou a, oswa otorizasyon nan men ou pou debite kont bank ou atravè ACH. Western Union pa pran okenn responsablite pou domaj ki soti nan peman transfè lajan an oswa nenpòt enkapasite pou finalize nenpòt Peman akoz sa ki anwo yo, oswa lòt bagay ki pa sou kontwòl li.
Rezolisyon Litij: Sof si ou chwazi pou ou pa patisipe jan sa endike anba a, nenpòt litij ki rive akoz oswa ki gen rapò ak tranzaksyon Pèman sa a ap rezoud ak yon abitraj final ki obligatwa. Abit la ap deside tou kisa ki gendwa sibi abitraj. Se Abitraj ak Medyasyon Nasyonal (“NAM”) la k ap administre Abitraj la dapre Règ ak Pwosedi Rezolisyon Konfli Konplè li yo, ki disponib nan www.namadr.com/downloads.cfm oswa lè w ekri nan 990 Stewart Ave., 1st Fl., Garden City, NY, 11530 epi esplike kijan pou lanse abitraj la. Ou ap responsab jiska $125 nan frè administrasyon yo. Western Union gendwa diminye montan sa a si ou demontre difikilte. Lwa Federal sou Abitraj la reji Akò sa a, epi nenpòt desizyon dwe sibi konfimasyon jidisyè. Nenpòt pwosedi abitraj dwe fèt sou yon baz endividyèl; aksyon kolektif oswa abitraj yo pa otorize. Si nenpòt pati nan paragraf sa a konsidere kòm pa valab, pati sa a p ap rann lòt pati yo vin pa valab tou. Si NAM pa disponib, pati yo oubyen yon tribinal pral chwazi yon lòt abit. Ou gendwa chwazi pou pa patisipe nan abitraj la nan espas 30 jou apre ou fin kòmanse yon tranzaksyon Pèman lè w rele 1-800-325-6000. SI OU PA DESIDE SOTI, OU PRAL RENONSE NENPÒT DWA OU GENYEN POU JWENN YON PWOSÈ AK JIRI OUBYEN AK YON JIJ NAN YON TRIBINAL EPI NENPÒT DWA TOU POU PATISIPE NAN YON PWOSÈ YON GWOUP MOUN AP FÈ ANSANM.
Itilize yon kont: Kote sa disponib, Western Union gendwa pèmèt ou voye lajan soti nan oswa pou yon kat bank, yon kat prepeye oswa yon kat kredi, yon bous elektwonik, yon moun ki voye fakti, oswa yon kont menm jan an (kolektivman, “Kont”). Bank lan oswa lòt founisè yon Kont (“Founisè Kont” lan) gendwa enpoze frè adisyonèl sou yon Kont, tankou frè davans lajan kach. Akò ou a ak Founisè Kont lan dirije jan Ou itilize yon Kont epi li defini dwa ak responsablite Ou yo antanke moun ki gen yon Kont. Sof si lalwa aplikab la egzije sa, Western Union p ap aksepte okenn responsablite pou Ou ni pou okenn pwopriyetè Kont, pou kèlkeswa frè yon Founisè Kont enpoze. Sèvis yo se pou itilizasyon pèsonèl oswa endividyèl sèlman epi yo pa pou itilize bò kote oswa nan non okenn biznis oswa antite legal. Western Union gendwa itilize rezo Automated Clearing House (“ACH”) la, transfè kontab, transfè fon elektwonik, transfè labank oswa lòt metòd pou trete tranzaksyon Pèman ki gen rapò ak yon Kont. Western Union pa responsab pou aksyon Founisè Kont lan poze, tankou lè yon tranzaksyon mal anrejistre. Western Union gendwa konte sou enfòmasyon Ou bay yo epi li gendwa konte sèlman sou nimewo Kont ak nimewo idantifikasyon Ou bay yo pou idantifye yon Kont ak/oswa yon Founisè Kont, kit Ou bay non moun ki gen Kont lan oswa non Founisè Kont lan tou ou pa.
AVI ENPÒTAN POU ITILIZASYON KONT YO: ASIRE W NIMEWO KONT LAN AK DETAY SOU FOUNISÈ KONT OU CHWAZI A KÒRÈK ANVAN OU VOYE L. SI NIMEWO KONT LAN OSWA DETAY SOU FOUNISÈ KONT LAN PA KÒRÈK, YO GENDWA DEBITE OSWA KREDITE LAJAN AN POU AL SOU MOVE KONT LAN EPI YO GENDWA PA KA REJWENN LI.
Transfè apati Kont yo: Lè w kòmanse yon tranzaksyon pèman apati yon kont, ou (i) afime Ou se pwopriyetè Kont lan epi ou gen otorite pou lanse tranzaksyon Pèman an epi (ii) otorize Western Union pou lanse debi ak kredi elektwonik sou Kont ou pou trete epi korije erè oswa si yon tranzaksyon Pèman pa ka finalize. Lalwa pèmèt Western Union responsab pou domaj ki koze si li pa debite Kont ou dapre tèm ak kondisyon sa yo, nan montan ki kòrèk la oswa nan yon tan ki apwopriye lè ou ba li enstriksyon kòrèkteman pou fè sa. Sepandan, Western Union p ap responsab kote: (1) Ou pa gen ase lajan disponib sou Kont ou; (2) Kont ou fèmen oswa retrè yo limite; (3) tranzaksyon Pèman an depase limit an dola oswa frekans Western Union oswa Founisè Kont ou a enpoze yo; (4) sikonstans ki pa sou kontwòl Western Union (tankou inondasyon, dife, pann kouran, pann mekanik oswa sistèm); (5) Founisè Kont ou a pa onore yon tranzaksyon Pèman, Founisè Kont ou a retounen tranzaksyon Pèman an oswa pa trete tranzaksyon Pèman an; (6) Enstriksyon ou yo pèdi oswa yo retade nan transmisyon bay Western Union; (7) Western Union pa rive trete tranzaksyon Pèman ou a akoz yon pwoblèm sekirite rezonab oswa opsyon Sèvis la kanpe oswa sispann, oswa Western Union sinon avize ou demann ou a p ap trete; ak (8) lòt eksepsyon lalwa pèmèt.
Avi sou Montan Varyab yo. Si ou te di nou davans pou nou fè Pèman yo apati kont Ou a, epi pèman an regilye sa yo varye nan montan, w ap resevwa yon avi omwen 10 jou anvan chak Pèman, swa nan men nou oswa nan men Destinatè a (atravè fakti mansyèl ou an oswa otreman), ki ap endike ki lè Pèman an ap fèt ak konbyen Pèman an ap ye.
KONFIDANSYALITE: Western Union gendwa kolekte epi divilge enfòmasyon pèsonèl bay tyès pati yo jan sa esplike nan Deklarasyon Konfidansyalite nou an. Pou jwenn yon kopi, vizite wu.com oswa rele 1-800-562-2598. Western Union kolekte enfòmasyon pèsonèl, pa egzanp, lè Ou ap fè tranzaksyon avèk nou (pa egzanp: itilize sèvis WESTER UNION®, Vigo® oswa Orlandi ValutaSM yo) epi ak lòt konpayi; soumèt enfòmasyon sou aplikasyon, fòmilè epi nan lòt fason; itilize oswavizite aplikasyon nou yo oswa lòt aplikasyon oswa lòt sit sou entènèt; antre yon pwomosyon; enskri pou resevwa kominikasyon; oswa ou enskri nan yon pwogram fidelizasyon kliyan. Western Union kolekte enfòmasyon apati anpil sous epi nou gendwa kolekte, retrase epi konbine enfòmasyon sou anpil aparèy, platfòm ak kanal. Enfòmasyon ki kominike yo gendwa gen ladann done finansyè (pa egzanp, enfòmasyon konsènan tranzaksyon ou fè avèk nou ansnam ak lòt kesyon finansyè), enfòmasyon pou kontakte w, idantifye w, enfòmasyon ki gen rapò ak konpitè, aparèy mobil ak rezo sosyo. Benefisyè yo ka enkli konpayi finansye ak konpayi ki pa finansye yo, founisè sèvis yo, ajans leta ak espesyalis maketing dirèk yo. Ou gendwa Western Union pou nou limite kèk divilgasyon, epi chwa Ou a ap aplike jouk Ou chanje chwa Ou oswa nou efase done Ou yo. Pou limite divilgasyon yo (pou chwazi pou pa patisipe), rele 1-800-562-2598.
Jeneral: Akò sa a, ansanm ak tout atik referans lan entegre ladan l yo, reprezante tout antant ki genyen ant pati yo. Li ranplase tout lòt antant anvan yo epi yo pa kapab modifye li nan bouch. Dapre lalwa ki aplikab la, Western Union gendwa transfere Akò sa a bay yon tyès pati san konsantman Ou. Akò sa a se lwa Kolorado ki reji li, san okenn konsiderasyon konsènan konfli règleman lwa yo. Si yo jwenn yon dispozisyon nan akò a ki pa valab, tout rès atik yo ap rete valab. Sèvis yo se pou moun ki gen omwen 18 lane sèlman oswa plis. Vèsyon ki nan lang Anglè Kontra a gen priyorite si gen yon enkonsistans ant vèsyon Anglè ak vèsyon ki pa nan lang Anglè a. Ou deklare itilizasyon Sèvis yo pa vyole Akò sa a oswa okenn lwa, ki gen ladan l, san limit, lwa ki gen rapò ak blanchi lajan, aktivite jwèt aza ilegal, soutyen pou aktivite teworis oswa fwod. Enfòmasyon Ou bay Western Union yo dwe kòrèk epi konplè. Ou dwe endamnize Western Union pou tout pèt kèlkeswa kalite a (ansanm ak frè pou avoka yo) ki rive akòz Ou menm oswa Destinatè a pa te respekte Akò a. Western Union rezève l dwa pou l modifye Sèvis yo nenpòt lè, san li pa bay preyavi. Western Union gendwa refize bay nenpòt moun sèvis.
Pou kesyon, demann oswa kòmantè, tanpri kontakte Western Union nan 1-800-325-6000, oswa PO Box 6036, Englewood, CO 80155.
©.2006-2016 Western Union Holdings, Inc. Tout lòt logo, mak komèsyal, mak sèvis yo ak referans non komèsyal yo ki sou sit sa a se pwopriyete pwopriyetè respektif yo.
Avi sou Divilgasyon ak Konsantman pou Siyati Elektwonik
Avi sou Divilgasyon ak Konsantman pou Siyati Elektwonik sa a (“Avi”) aplike pou tout kominikasyon, jan sa defini anba a, pou Sèvis la. Nan kad Avi sa a, kominikasyon ou resevwa sou fòm elektwonik nan men nou yo ap konsidere kòm “alekri”.
Lè w itilize Sèvis yo (“Sèvis Elektwonik”), ou dakò ak Avi sa a epi ou afime ou gen aksè ak egzijans pyès materyèl ak lojisyèl ki idantifye anba a. Anplis sa, ou dwe revize epi aksepte kondisyon sèvis sa yo. Si ou chwazi pou ou pa bay konsantman ou pou Avi sa a oswa ou retire konsantman ou, ou p ap kapab itilize Sèvis Elektwonik yo.
KOMINIKASYON KI GARANTI
Kapab gen ladan yo, men ki pa limite ak, divilgasyon ak kominikasyon nou ba ou konsènan sèvis nou yo tankou: (i) tèm ak kondisyon yo, deklarasyon konfidansyalite oswa avi yo ak tout chanjman ki fèt ladan yo; (ii) divilgasyon sou pre-pèman, resi tranzaksyon ak konfimasyon yo; epi (iii) kominikasyon sèvis kliyan (tankou reklamasyon kominikasyon erè) (“Kominikasyon”).
METÒD POU BAY KOMINIKASYON
Nou gendwa ba ou Kominikasyon sou imèl oubyen lè nou rann yo aksesib sou sit entènèt yo, aplikasyon mobil yo, oubyen sit entènèt mobil yo (tankou atravè “ipèlyen” yo bay sou entènèt ak nan imèl). Yo pral bay kominikasyon yo sou entènèt epi w ap kapab wè yo lè w itilize lojisyèl navigatè oswa fichye PDF yo.
EGZIJANS MATERYÈL AK LOJISYÈL YO
Pou jwenn aksè epi konsève Kominikasyon elektwonik yo, ou dwe genyen:
Nou kapab mande pou ou reponn yon imèl pou demontre ou kapab resevwa Kominikasyon sa yo.
KIJAN POU RETIRE KONSANTMAN OU
Ou gendwa retire konsantman ou pou resevwa Kominikasyon nan kad Avi sa a lè w ekri nou nan adrès “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oswa lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte nou” sou westernunion.com. Lè ou retire konsantman ou, sa ap anile akò ou pou resevwa Kominikasyon elektwonik, epi kòm konsekans, kapasite ou pou itilize Sèvis Elektwonik nou yo.
MANDE KOPI PAPYE POU KOMINIKASYON ELEKTWONIK YO
Ou kapab mande yon kopi papye tout Kominikasyon yo; n ap voye yon kopi ba ou pa Lapòs Etazini. Pou mande yon kopi papye, kontakte nou lè w ekri nan adrès sa a: “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oubyen lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte nou” sou westernunion.com. Tanpri ban nou adrès postal ou ye kounye a pou nou ka trete demann sa a. Western Union ka faktire w yon frè ki rezonab pou sèvis sa a.
MIZAJOU SOU ENFÒMASYON KONTAK OU YO
Se responsablite w pou kenbe adrès imèl prensipal ou aajou pou Western Union ka kominike avèk ou pa mwayen elektwonik. Ou konprann epi dakò ke si Western Union voye ba ou yon Kominikasyon men ou pa resevwa l paske adrès imèl ou genyen ki anrejistre a pa kòrèk, pa aktyalize, bloke pa pwofesyonèl sèvis ou a, oswa yon lòt fason ou pa kapab resevwa Kominikasyon elektwonik yo, Western Union pral konsidere ke l te voye Kominikasyon an ba ou; sepandan, nou kapab konsidere kont ou an kòm yon kont ki inaktif. Ou kapab pa anmezi pou fè tranzaksyon atravè Sèvis sou Entènèt nou an jiskaske nou resevwa yon adrès imèl ki valid, k ap fonksyone nan men w.
Si ou itilize yon filtè spam oswa yon lojisyèl similè ki bloke oswa ki re-dirije imèl ki soti kote ekspeditè ki pa endike nan kanè adrès imèl ou a, nou rekòmande pou ou ajoute Western Union nan kanè adrès imèl ou a pou ou ka resevwa Kominikasyon pa imèl.
Ou ka mete adrès imèl prensipal ou oswa lòt enfòmasyon ajou lè w ekri nou nan adrès “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oswa lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte nou” sou westernunion.com.
LALWA FEDERAL
Ou rekonèt epi dakò ke w ap bay konsantman pou Kominikasyon elektwonik yo pou sa ki konsène yon tranzaksyon ki afekte komès entè-eta ki tonbe anba Siyati Elektwonik federal la nan Lwa Mondyal ak Nasyonal sou Komès la, epi ou menm avèk nou menm genyen entansyon ke Lwa a aplike nan tout mezi sa posib pou valide kapasite nou pou reyalize aktivite avèk ou pa mwayen elektwonik.
REVOKASYON/CHANJMAN
Nou rezève nou dwa, nan sèl diskresyon nou, pou nou sispann ba ou Kominikasyon ou yo, oswa pou nou revoke oswa chanje kondisyon nou itilize pou bay Kominikasyon yo. N ap avize w pou tout revokasyon oswa chanjman jan lalwa egzije sa.
Li revize nan mwa 8/2016