Avi sou Divilgasyon ak Konsantman pou Siyati Elektwonik

Avi sou Divilgasyon ak Konsantman Pou Siyati Elektwonik sa a (“Avi”) aplike nan tout kominikasyon, jan sa defini anba a, pou sèvis ke Western Union Financial Services, Inc. bay yo ak afilye nou yo (“Western Union” oswa “Nou”). Anba Avi sa a, kominikasyon ou resevwa nan fòm elektwonik nan men nou yo pral konsidere kòm “alekri.”
Lè w sèvi ak sèvis elektwonik epi sou entènèt Western Union yo (“Sèvis Elektwonik”), isit la ou dakò ak Avi sa a epi ou afime ou gen aksè ak egzijans materyèl ak lojisyèl ki idantifye anba yo. Anplis sa, ou dwe revize epi aksepte kondisyon sèvis sa yo. Si ou chwazi pou ou pa bay konsantman ou pou Avi sa a oswa ou retire konsantman ou, ou p ap kapab itilize Sèvis Elektwonik yo.

KOMINIKASYON KI GARANTI

Kapab gen ladan yo, men ki pa limite ak, divilgasyon ak kominikasyon nou ba ou konsènan sèvis nou yo tankou: (i) tèm ak kondisyon yo, deklarasyon konfidansyalite oswa avi yo ak tout chanjman ki fèt ladan yo; (ii) divilgasyon sou pre-pèman, resi tranzaksyon ak konfimasyon yo; epi (iii) kominikasyon sèvis kliyantèl (tankou reklamasyon kominikasyon erè yo) (“Kominikasyon”).

METÒD POU BAY KOMINIKASYON

Nou kapab ba w Kominikasyon pa imèl oswa pandan n ap rann yo aksesib sou sitwèb Western Union yo, sou aplikasyon mobil yo, oswa sitwèb mobil yo (ki gen ladan atravè “Ipèlyen” ke yo bay sou entènèt la oswa nan imèl yo). Yo pral bay kominikasyon yo sou entènèt epi w ap kapab wè yo lè w itilize lojisyèl navigatè oswa fichye PDF yo. Pou tranzaksyon ki fèt nan kyòs Western Union yo, yo kapab bay Kominikasyon yo nan kyòs yo. Nan ka sa yo, ou ap kapab enprime Kominikasyon an epi/oswa fè yo voye l ba ou pa imèl.

EGZIJANS MATERYÈL AK LOJISYÈL YO

Pou jwenn aksè epi konsève Kominikasyon elektwonik yo, ou dwe genyen:

  • Yon adrès imèl ki valid;
  • Yon òdinatè, aparèy mobil, tablèt oswa aparèy similè ki gen aksè ak entènèt yo ak lojisyèl navigatè ki ajou ak lojisyèl òdinatè ki kapab resevwa, jwenn aksè, afiche, epi swa enprime oswa konsève Kominikasyon ou te resevwa nan men nou nan fòm elektwonik;
  • Espas estokaj la ase pou anrejistre Kominikasyon yo (swa ki prezante sou entènèt, nan imèl oswa PDF) oswa kapasite pou enprime Kominikasyon yo.

Nou kapab mande pou ou reponn yon imèl pou demontre ou kapab resevwa Kominikasyon sa yo.

KIJAN POU RETIRE KONSANTMAN OU

Ou gendwa retire konsantman ou pou resevwa Kominikasyon nan kad Avi sa a lè w ekri nou nan “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oswa lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte nou” sou westernunion.com. Lè ou retire konsantman ou, sa ap anile akò ou pou resevwa Kominikasyon elektwonik, epi kòm konsekans, kapasite ou pou itilize Sèvis Elektwonik nou yo.

MANDE KOPI PAPYE POU KOMINIKASYON ELEKTWONIK YO

Ou kapab mande yon kopi papye tout Kominikasyon yo; n ap voye yon kopi ba ou pa Lapòs Etazini. Pou mande yon kopi papye, kontakte nou pandan w ap ekri “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oswa lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte Nou” an nan westernunion.com. Tanpri ban nou adrès postal ou ye kounye a pou nou ka trete demann sa a. Western Union ka faktire w yon frè ki rezonab pou sèvis sa a.

MIZAJOU SOU ENFÒMASYON KONTAK OU YO

Se responsablite w pou kenbe adrès imèl prensipal ou aajou pou Western Union ka kominike avèk ou pa mwayen elektwonik. Ou konprann epi dakò ke si Western Union voye ba ou yon Kominikasyon men ou pa resevwa l paske adrès imèl ou genyen ki anrejistre a pa kòrèk, pa aktyalize, bloke pa pwofesyonèl sèvis ou a, oswa yon lòt fason ou pa kapab resevwa Kominikasyon elektwonik yo, Western Union pral konsidere ke l te voye Kominikasyon an ba ou; sepandan, nou kapab konsidere kont ou an kòm yon kont ki inaktif. Ou kapab pa anmezi pou fè tranzaksyon atravè Sèvis sou Entènèt nou an jiskaske nou resevwa yon adrès imèl ki valid, k ap fonksyone nan men w.

Si ou itilize yon filtè spam oswa yon lojisyèl similè ki bloke oswa ki re-dirije imèl ki soti kote ekspeditè ki pa endike nan kanè adrès imèl ou a, nou rekòmande pou ou ajoute Western Union nan kanè adrès imèl ou a pou ou ka resevwa Kominikasyon pa imèl.

Ou ka aktyalize adrès imèl prensipal ou a oswa lòt enfòmasyon w yo lè ou ekri nou nan “Attn: E-Sign Disclosure and Consent Notice, PO Box 6036, Englewood, CO USA 80155,” oswa lè w kontakte nou atravè lyen “Kontakte Nou” an nan westernunion.com.

LALWA FEDERAL

Ou rekonèt epi dakò ke w ap bay konsantman pou Kominikasyon elektwonik yo pou sa ki konsène yon tranzaksyon ki afekte komès entè-eta ki tonbe anba Siyati Elektwonik federal la nan Lwa Mondyal ak Nasyonal sou Komès la, epi ou menm avèk nou menm genyen entansyon ke Lwa a aplike nan tout mezi sa posib pou valide kapasite nou pou reyalize aktivite avèk ou pa mwayen elektwonik.

REVOKASYON/CHANJMAN

Nou rezève nou dwa, nan sèl diskresyon nou, pou nou sispann ba ou Kominikasyon ou yo, oswa pou nou revoke oswa chanje kondisyon nou itilize pou bay Kominikasyon yo. N ap avize w pou tout revokasyon oswa chanjman jan lalwa egzije sa.