Kesyon yo Pi Souvan Poze

Upwardli

Kimoun Upwardli ye?

Upwardli se yon konpayi ki bay sèvis pou konstwi kredi, an patenarya ak Cross River
Bank. Upwardli ka ofri kliyan Western Union yon liy kredi yo ka itilize pou devlope
istwa kredi yo atravè transfè lajan Western Union. Upwardli se non ou pral
wè sou rapò kredi ou.
Pou nenpòt kesyon sou liy kredi ou, kontakte Upwardli nan support@upwardli.com
Tanpri sonje ke Upwardli pa yon bank. Sèvis bankè yo se Cross River Bank ki bay yo,
li manm FDIC.

Kijan Credit Builder la fonksyone?

Si ou jwenn apwobasyon pou yon liy kredi pou bati kredi atravè Upwardli, yo pral mande w si ou
vle itilize liy kredi a pou transfè ki kalifye. Si ou dakò, Western Union ap notifye
Upwardli nan non ou sou kantite lajan ou vle voye, epi Upwardli ap finanse tranzaksyon ou a.
Apre sa, ou pral peye Upwardli atravè sèvis peman bòdwo Western Union, epi Western Union pral
notifye Upwardli lè ou fin ranpli obligasyon peman ou.
Tanpri sonje ke nenpòt balans ki rete san peye ka lakòz yon peman an reta rapòte bay
biwo kredi yo.

Poukisa sa gratis pou mwen?

Paske nou kwè bati kredi ta dwe gratis, nou kontan ofri ou opsyon rapò
kredi a gratis pou w.

Kisa mwen bezwen pou m aplike?

• Ou dwe gen omwen 18 an epi gen yon adrès fizik Ozetazini (pa bwat postal).
• Yon nimewo sekirite sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Pou Taks Endividyèl (ITIN) ki valab.
• Yon pyès idantite ki valab leta bay.

Èske yo pral fè yon rechèch kredi ki gen enpak sou kredi mwen (hard credit inquiry) lè mwen aplike?

Non. Yo itilize yon “rechèch kredi dous” (soft inquiry) pou pre-apwouve ou pou yon liy kredi pou devlope kredi (credit builder). Si ou jwenn apwobasyon, ou pral wè yon nouvo liy kredi (tradeline) soti nan Upwardli. Upwardli ap rapòte liy kredi a ak aktivite ki gen rapò avè li bay Experian ak Equifax.

Ki limit liy kredi mwen an?

Tout itilizatè ki apwouve ap gen aksè nan yon liy kredi 2000 USD ki ka itilize sèlman pou transfè lajan ak pwodwi dijital Western Union.
Si transfè ou a depase 2000 USD, li p ap kalifye pou bati kredi.

Poukisa rapò kredi enpòtan?

Kit ou fèk rive Ozetazini kit ou fèk kòmanse, yon dosye kredi “mens” ka fè li
difisil pou jwenn aksè ak sèvis finansye, achte yon machin, lwe yon kay, oswa menm jwenn yon travay.
Rapòte aktivite liy kredi bay biwo kredi yo konstwi istwa kredi ou, ogmante
kalite kredi ki parèt sou rapò kredi ou, epi li ka ogmante nòt ou.

Poukisa mwen pa ka wè transfè mwen fin fè yo lè mwen itilize liy kredi Upwardli nan Credit Builder?

Tout transfè yo ap mete ajou nan relevé chak mwa ke Credit Builder ap pwodwi a nan
fen mwa a.

Kisa k ap pase si mwen abite nan yon Eta kote sèvis pou devlope kredi pa disponib?

Se sèlman kliyan ki nan Eta yo ki elijib ki gen aksè nan Credit Builder la. Si ou nan yon Eta
kote Credit Builder la pa disponib, tanpri tcheke ankò opre Upwardli paske gen
plan pou enkli plis Eta pi devan.

Kisa k ap pase si mwen deplase pou m al viv nan yon Eta kote sèvis Upwardli pa disponib?

Ou ka pèdi aksè nan fonksyonalite pou devlope kredi yo. Pou verifye disponiblite
sèvis sa a, tanpri kontakte Upwardli nan support@upwardli.com

Kijan mwen ka konnen si sèvis Upwardli yo disponib nan Eta mwen an?

Tanpri kontakte Upwardli nan support@upwardli.com pou jwenn yon lis konplè Eta kote
sèvis pou devlope kredi yo disponib.

Kisa k ap pase lè mwen fèmen kont mwen?

Fèmen kont ou ka gen yon enpak tanporè sou nòt kredi ou. Tanpri kontakte Upwardli
pou jwenn plis enfòmasyon nan support@upwardli.com

Kilè pwogram Upwardli Credit Builder a pral fèmen?

Pwogram Upwardli Credit Builder a pral fèmen nan dat ‌20 avril. Apre dat sa a, fonksyonalite Credit Builder a p ap disponib ankò atravè Western Union.

Nou te voye yon avi davans pa imèl anviwon 30 jou ak 7 jou anvan dat fèmti a, konsa kliyan yo gen tan pou yo prepare yo.

Kisa k ap rive kont Upwardli Credit Builder mwen an?

Kont Upwardli Credit Builder ou a pral fèmen nan dat ‌20 avril.

Apre dat sa a, ou p ap kapab konekte oswa itilize kont lan atravè Western Union. Kòm rezilta, fonksyonalite Credit Builder a p ap disponib ankò pou transfè lajan nan lavni.

Èske fèmti kont lan ap afekte nòt kredi mwen?

Fèmti yon kont kredi ka afekte nòt kredi ou, men enpak la ka diferan pou chak moun.

Pa egzanp, li ka afekte:

  • Dire istwa kredi ou a
  • Tip kredi ki nan rapò w la

Si w ap enkyete w pou nòt kredi w la, ou ka vle verifye rapò kredi w apre kont lan fèmen.

Èske fèmti kont lan ap rapòte bay ajans kredi yo?

Wi. Fèmti kont lan pral rapòte bay Experian and Equifax.

Ou ka vle verifye rapò kredi ou apre dat fèmti a pou asire w tout bagay parèt kòrèk. Ou gen dwa jwenn yon rapò kredi gratis yon fwa pa ane nan AnnualCreditReport.com.

Èske mwen ka toujou gen aksè ak deklarasyon kont mwen oswa istorik kont mwen?

Si ou bezwen deklarasyon pase, istorik tranzaksyon, oswa rejis kont, tanpri kontakte Sèvis Kliyantèl Upwardli.

Western Union pa kenbe rejis kont Upwardli apre pwogram nan fèmen. Upwardli pral kontak prensipal ou pou jwenn istorik kont ak dokiman yo.

Èske mwen bezwen fè yon bagay anvan pwogram nan fèmen?

Pa gen anyen ou bezwen fè. Kont ou a ap fèmen otomatikman nan dat ‌20 avril.

Sepandan, nou rekòmande pou ou:

  • Anrejistre oswa telechaje nenpòt deklarasyon oswa dokiman ou ka bezwen
  • Make dat fèmti a epi revize rapò kredi ou apre sa
  • Kontakte Sèvis Kliyantèl Upwardli si ou gen kesyon konsènan kont ou oswa lajan ou

Èske gen lòt fason pou bati kredi?

Wi. Gen plizyè fason pou bati oswa amelyore kredi ou.

Gen kèk opsyon komen ki enkli:

  • Kat kredi sekirize
  • Prè pou bati kredi ki sòti nan bank oswa kowoperativ kredi
  • Estati itilizatè otorize sou yon kat kredi ki deja egziste

Anvan ou chwazi yon opsyon pou bati kredi, se yon bon lide pou konpare pwodwi yo epi chwazi youn ki koresponn ak objektif finansye ou yo.

Kilès mwen ta dwe kontakte si mwen gen kesyon?

Sa depann de sa ou bezwen èd ladan.

Pou kesyon konsènan transfè Western Union oswa pwofil Western Union ou an, kontakte Sèvis KliyantèlWestern Union.

Pou kesyon konsènan kont Upwardli Credit Builder ou a, lajan ou yo, oswa deklarasyon ou yo, kontakte Sèvis Kliyantèl Upwardli a dirèkteman nan: +17209459350.