Li fasil pou voye lajan sou kont bankè yon pwòch avèk Western Union si yo genyen yon kat debi Visa. Swiv etap sa yo pou kòmanse sou entènèt la:
Enskri avèk nou
Enskri pou yon nouvo pwofil oswa koneksyon avèk Western Union, pandan w ap bay tout detay pèsonèl ak ID yo mande yo.
Kòmanse transfè lajan w lan
Antre destinasyon an, montan w ap voye a ak metòd pèman an. Chwazi ‘Visa Direct’ kòm metòd pou resevwa lajan an. Sa pral transfere lajan an sou kont bankè ki lye ak kat debi Visa pwòch ou an. Opsyon sa a sèlman disponib lè w ap voye lajan nan peyi Filipin, Jamayik, Taylann, Kolonbi, ak El Salvador. Lòt peyi yo pral ajoute nan yon ti tan.
Antre detay kat benefisyè w la
Bay nenpòt enfòmasyon sou benefisyè w la. W ap bezwen antre non ak nimewo kat yo a, egzakteman jan yo parèt devan kat debi Visa yo a.
Swiv lajan an
Konfime peman an nenpòt fason ou chwazi a epi swiv transfè lajan an jiska kont bankè benefisyè w la pandan w ap itilize nimewo swivi (MTCN) inik ou an.
Voye lajan sou kont bankè yon benefisyè atravè kat debi yo a se pa sèlman opsyon transfè lajan ou genyen. Men kèk avantaj ki genyen lè w voye lajan nan fason sa a.
Voye lajanTout sa ou bezwen se non konplè ak nimewo kat debi pwòch ou an, egzakteman jan li parèt devan kat la.
Genyen mwens risk pou mal ekri enfòmasyon yo paske ou pa bezwen tout detay kont benefisyè a.
Lajan w lan ale pa mwayen elektwoni, depi detay kle yo kripte.
W ap bezwen nimewo kat debi egzat benefisyè w la pou voye lajan sou kont bankè li a nan fason sa a. Men fason pou fè sa avèk Western Union sou entènèt la:
Nenpòt lajan ou transfere atravè Visa Direct ale sou kont bankè ki lye ak kat debi benefisyè w la – olye de kat li menm. Sa vle di ke lajan an pral aksesib sou kont bankè li a, olye li estoke sou kat la.
Vizite FAQ nou yo oswa kontakte nou. Ou sèlman bezwen pase yon koutfil pou kontakte ekip sèvis kliyantèl nou an.
Itilize nimewo kat debi Visa pwòch ou an pou fè yon transfè lajan entènasyonal dirèkteman sou kont bankè li a.
Li fasil pou voye lajan andeyò Etazini nan fason sa a. Senpleman konekte sou sitwèb Western Union nan oswa sou aplikasyon an epi seleksyone youn nan peyi ki anba yo.
Enskri oswa konekte nan pwofil Western Union ou an pou kòmanse voye lajan touswit.
Swiv senp pwosesis transfè lajan etap pa etap nou an pou voye peman pou fakti, transfè lajan ak plis toujou byen fasil.
Itilize nimewo swivi inik (MTCN) ou an pou rete ajou sou estayi transfè lajan w lan.
Western Union se yon patnè ofisyèl pou Visa Direct. Sa vle di ke ou ka voye lajan sou kont bankè nan sèten peyi pandan w ap itilize nimewo kat debi Visa pwòch ou an.
1 Lajan an ka retade oswa sèvis yo kapab pa disponib selon kondisyon sèten tranzaksyon, ki gen ladan montan ki voye a, peyi destinasyon an, disponiblite deviz la, egzijans nan kesyon idantifikasyon, lè ouvèti biwo yo, diferans nan fizo orè, oswa seleksyon opsyon retade yo. Pou tranzaksyon mobil yo, yo pral peye lajan yo bay founisè kont mWallet benefisyè a pou kapab depoze sou kont ki lye ak nimewo mobil benefisyè a. Lòt frè tyès pati gendwa aplike, tankou frè SMS ak frè pou depasman limit kont lan ak frè pou retire lajan kach. Gade fòmilè transfè a pou restriksyon yo.