Transfere lajan nan Sri Lanka byen vit epi avèk fyabilite, kèlkeswa rezon an. Avèk Western Union, ou ka voye lajan avèk konfyans nan kèk minit lè w sèvi ak kont bankè ou, kat kredi oswa debi ou, oswa Apple Pay®. Nou genyen tou plizyè milye biwo ajan Ozetazini kote ou ka voye lajan kach nan Sri Lanka.
Chèche konnen kijan pou voye lajan nan Sri Lanka avèk Western Union®—li rapid, fasil, epi li raproche nou tout.
Konekte sou kont Western Union® ou a anliy oswa anrejistre yon nouvo pwofil. Ou ka transfere lajan nan yon kont bankè Sri Lanka ki kalifye oubyen nan yon pwen retrè k ap patisipe pou pran lajan kach.
Ou ka itilize aplikasyon Western Union® lan pou voye lajan kèlkeswa kote w ye a avèk yon senp ti touch sou yon bouton sou aparèy mobil ou a.
Vizite gwo rezo ajan nou yo lè ou vle voye lajan kach bay fanmi ak zanmi nan Sri Lanka.
Youn nan fason ki pi pratik pou resevwa lajan atravè lemond se atravè yon kont banke ki kalifye. Jwenn lajan nan bank k ap patisipe yo nan Sri Lanka.
Kòmanse yon transfèLè moun k ap resevwa lajan an vizite yon ajan Western Union® nan Sri Lanka, yo ka vin pran lajan yo transfere a an pèsòn.
Jwenn ajan yoLi fasil pou voye lajan nan Sri Lanka lè w sèvi ak Western Union® Prepaid Visa®, ke moun k ap resevwa lajan an ka itilize nan magazen ki patisipe yo.
Kòmande yon KatTcheke konbyen li ka koute w pou transfere lajan. Estimatè pri nou an montre w to chanj aktyèl USD pou LKR la.
Ou ka voye lajan gratis nan kont bankè Sri Lankan yo lè w ap fè premye transfè w la. Tout sa ou bezwen fè se enskri sou entènèt epi verifye pwofil Western Union® ou a.
Jwenn enfòmasyon sou destinatè a anvan ou voye l. Sa gen ladan l non sikisal bank yo, nimewo kont lan, ak adrès konplè a. W ap bezwen endike tou rezon transfè a. Lè transfè labank yo ka varye ant kèk minit ak yon jou bankè.
Voye lajan nan Sri Lanka jan ou vle—an pèsòn, anliy, oswa atravè aplikasyon Western Union®.
Benefisyè yo ka resevwa lajan nan kèk minit.
Chwazi kijan ou vle pwoch ou yo resevwa lajan an—transfè labank, pou pran lajan kach, oswa ak yon kat Western Union® Visa Prepaid®.
Fonksyonalite chifreman avanse Western Union an ak prevansyon kont fwòd la ede pwoteje chak transfè lajan.
Yon fwa nou fin trete transfè lajan ou a depi Ozetazini pou ale Sri Lanka, ou ka kontwole li avèk nimewo swivi inik ou a (MTCN).
Pafwa ou ka vle tann jiskaske yon okazyon espesyal tankou yon anivèsè nesans oswa yon maryaj pou voye lajan nan Sri Lanka. Avèk Western Union®, ou ka pwograme pèman ou yo alavans epi siprann moun ou renmen yo.
Ou ka voye lajan nan Sri Lanka depi Ozetazini avèk Western Union anliy, atravè aplikasyon nou an, oubyen an pèsòn nan nenpòt nan ajan nou yo.
Wi, li posib pou transfere lajan nan Sri Lanka atravè transfè bankè entènasyonal yo. Anvan ou kòmanse yon transfè, verifye si bank ou a kalifye.
Yon transfè lajan depi Ozetazini pou ale Sri Lanka ka pran ant kèk minit ak yon jou ouvrab. Tcheke enfòmasyon ki pi resan yo sou lè transfè bankè yo.
Limit tranzaksyon chak jou a ka varye dapre faktè tankou istorik tranzaksyon ou ak fason ou voye lajan. Enskri pou yon pwofil anliypou wè limit espesifik ou yo.
Frè a ap depann sou konbyen lajan ou voye a ak kijan ou vle voye l la. Revize to chanj lajan yo pou estime kantite lajan benefisyè a ap resevwa.