Ou ka voye lajan sou yon kont Banreservas nan Repiblik Dominikèn avèk Western Union anliy. Pwosesis enskripsyon rapid nou an vle di tout sa ou bezwen fè pou kòmanse se antre adrès imèl ou, chwazi yon modpas epi bay kèk enfòmasyon ki nesesè. Oswa, sipòte zanmi ak fanmi w pandan w ap vwayaje lè w kòmanse transfè lajan entènasyonal ou a nan Banreservas atravè aplikasyon mobil Western Union® nan. Ou ka toujou kòmanse yon transfè lajan kach depi Etazini rive sou yon kont Banreservas nan Repiblik Dominikèn lè w vizite yon biwo ajan Western Union an pèsòn tou pre w, tou.
Deside konbyen lajan ou vle voye sou kont Banreservas zanmi w oswa manm fanmi w lan. Menm jan avèk tout transfè Western Union, ou ka wè to konvèsyon USD an DOP ki pi aktyèl la epi estime pri transfè w la anliy.
Bay detay sou benefisyè w la, tankou non, nimewo kont Banreservas, lajan (USD oswa DOP) ak tip (epay oswa kouran), adrès, nimewo telefòn, ak nimewo pyès idantite nasyonal.
Chwazi opsyon peman ou, kit se lajan kach, kat kredi oswa debi, Apple Pay, oswa kont labank ou. Si w gen plan pou peye ak lajan kach, ou ka fè sa nan nenpòt biwo ajan.
Yon fwa ou konfime transfè a, li nan wout. Kenbe Nimewo Kontwòl Transfè Lajan ou (MTCN) pou swiv transfè w la.
Kit w ap sipòte fanmi dorijin ou oswa w ap bay zanmi w lajan kòm kado, Western Union la pou ou.
Èske fanmi w ak zanmi w yo gen kont labank Vimenca ? Ou ka chwazi transfere lajan dirèkteman nan bank sa a nan Repiblik Dominikèn.
Voye sipò ou dirèkteman lakay yo nan Repiblik Dominikèn avèk yon livrezon lajan lakay atravè Western Union.
Planifye davans epi pwograme transfè regilye pou fanmi an, pou w pa rate anyen. Anrejistre detay fanmi ak zanmi ou yo pou fè transfè lajan repete pi fasil.
Banreservas—oswa Bank Rezèv Repiblik Dominikèn nan—se youn nan pi gwo ak pi enpòtan bank nan peyi a. Se yon bank milti-sèvis ki ofri pwodui ak sèvis finansye bay moun ak biznis, tankou kont labank pèsonèl ak biznis, prè, ipotèk, kat kredi ak asirans.
Benefisyè w la ka resevwa transfè lajan Western Union ou an sou kont Banreservas li otomatikman san li pa bezwen fè anyen. Tan li pran pou resevwa lajan an ka varye ant kèk èdtan ak plizyè jou ouvrab. Bank lan ka gen lè limit pou depo pandan lè biznis ak nan wikenn ak jou ferye. Gade sitwèb Banreservas la oswa kontakte sèvis kliyantèl yo a pou plis detay.
Pri yon transfè lajan sou yon kont labank Banreservas ap depann de plizyè faktè, tankou metòd peman ou an. Itilize estimatè pri nou an pou kalkile pri transfè lajan ou nan Repiblik Dominikèn. W ap resevwa tou yon estimasyon sou konbyen tan li ka pran pou trete transfè w la.
Kòd SWIFT (Sosyete pou Telekominikasyon Finansye Entèbankè Mondyal) pou Banreservas nan Repiblik Dominikèn se BRRDDOSD. Yon kòd SWIFT se yon kòd idantifikatè labank (BIC) ki itilize pou idantifye enstitisyon finansye tankou bank yo. Kòd inik sa a gen 8-11 karaktè epi yo itilize li lè w ap transfere lajan nan yon bank. Konfime kòd BIC/SWIFT w ap itilize yo egzak anvan ou voye lajan entènasyonalman.